30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

lundi 6 décembre 2010

Kanpay vaksinasyon poul nan Ti Boukan






Jou ki mèkredi 1 desanm 20 ajan ki tap pran fòmasyon nan sant ITECA patisipe nan yon kanpay vaksinasyon kont maladi nyoukastel. Jounen vaksinasyon sa a fèt nan pwogram fòmasyon pratik ajan yo gen pou pran nan kad pwojè ITECA/ CGF la. Pwojè ITECA/CGF la se pwojè ki gen pou ojektif pou amelyore pwodiksyon poul ak ze nan Ti Boukan. Nan pwojè sa a gen 500 jèn 300 fanm ak 200 gason ki gen pou resevwa 14 poul ak 2 kòk. Avan benefisyè yo jwenn poul yo gen 20 ajan ki gen pou pran yon fòmasyon sou sante animal pou fè swivi sou poulaye benefisyè. Ajan sa yo patitisipe nan yon fòmasyon padan 3 semèn, fòmasyon sa gen yon aspè teyorik ak yon aspè pratik. Se nan faz pratik fòmasyon 20 ajan sa yo tou patisipe nan kanpay vaksinasyon kont maladi pou l nan Ti Boukan. Kanpay la fèt nan 17 Pòs tankou: Teta, Madotan,Mizeri,Litò,Jibo,Marechal.Mayon,SouSavann,Mawotyè,Koray Obri,Plezans,Fonma,Nakou,NanPlenn,SouKafou,Melye,KalfouDlo,Digo, Platon Koray. Padan jounen kanpay vaksinasyon sa a ajan yo rive vaksinen 1175poul. ITECA jwenn vaksen bò kote responsab sante animal nan sou distri Leogane ki se Doktè Wilnès Masela. Popilasyon nan Ti Boukan byen kontan kanpay vaksinasyon sa ki fèt nan plizyè lokalite nan kominote a.Peyizan tou pwofite mande pou kanpay sa ta fèt chak lane pou anpeche poul yo mouri pabann ak papakèt.

mardi 23 novembre 2010

Peyizan Ti Boukan ( Plezans) mobilize pou ranje wout nan kad pwojè konstriksyon kay ITECA ak CARITAS Suisse







Pou amelyore wout pou rive Plezans yon lokalite nan Ti Boukan plis pase 100 peyizan mobilize pou ranje wout la.Wout sa se wout ki pou mennen materyo nan kad pwojè ITECA ak CARITAS Suisse genyen pou kontswi 1700 kay pou peyizan Ti Boukan. Pou pwojè a ka byen derape ekip ITECA te pran inisyativ reyini chak vandredi ak komite ki reprezante 100 premye benefisyè ki nan eksperyans pilòt nou vle kòmanse a. Reyinyon sa yo fèt pou enfòme benefisyè yo sou ki jan pwojè a ap vanse epi pou yo konnen ki prepasyon yo gen fè pou pou pwojè a ka byen reyisi. Se nan yonn nan rankont sa yo benefisyè yo te pran desizyon pou yo kòmanse fè yon seri rasanbleman pou enfòme rès benefisyè yo sou kijan pwojè ap vanse. Kidonk se nan yonn nan rasanbleman sa yo benefisyè yo te pran desizyon pou travay sou wout la. Aktivite sa a fèt apre yon gwo rasanbleman ITECA te fèt ak benefisyè kay yo. Rasanbleman sa yo te fèt pou diskite sou diferan difikilte nou rankontre pou kòmanse pwojè a tankou:
pwoblèm wout, kalite sab ki pa reponn a kalite ministè travo biblik mande, ak lòt pwoblèm ankò tankou papye tè benefisyè a.
Ekip ITECA te monte nan mòn Plezans pou ankouraje peyizan yo epi bay yo kèk konsèy teknik.

lundi 22 novembre 2010

500 jèn benefisyè ap pran fòmasyon nan kad yon pwojè CGF ak ITECA pou kore pwodiksyon poul Gresye Ti Boukan

















Padan 3 semèn plis pase 20 jèn ap pran fòmasyon sou sante animal nan sant ITECA Ti boukan. Objektif fòmasyon sa a se pou ba jèn sa yo konesans ak kapasite teknik pou ankadre 500 bènefisyè poul yo. 5oo benefisyè sa yo ( 3oo fanm 200 gason) ki gen pou resevwa 14 poul ak 2 kòk nan kad yon pwojè ITECA ap egzekite ak CGF. Objejktif pwojè sa a se pou ranfòse kapasite pwodiksyon vyann nan zòn nan epi anmèmtan pou amelyore fason peyizan yo abitye fè elvaj nan kominote a. Nan pwojè a benefisyè yo gen pou resevwa yon fòmasyon sou jesyon ti antrepriz yon fason pou jèn sa yo ka jere pwodiksyon ak vant ze yo pi byen. Jèn sa yo gen pou jwenn ak poul yo materyo ki nesesè tankou tòl , twil ak klou pou konstwi kalòj pou gade poul yo, jèn yo pou bay bwa ak fòs kouraj yo.Pwojè sa a ap gen pou tabli nan plis pase 4o lokalite nan Ti Boukan.Pwojè fèt tou nan kad pou entegre jèn yo plis nan kominote yo sitou apre gwo tranbleman tè 12 janvye a kote te gem anpil jèn ki oblije kite kapital la pou retounen lakay yo .

lundi 27 septembre 2010

Pwojè konstriksyon kay pou moun Ti Boukan ap vanse





Jan nou wè l sou foto yo pwojè konstriksyon kay Ti Boukan yo ap vanse. Pwojè konstriksyon sa a se yon inisyativ ITECA ki jwenn bourad Caritas Suisse ak Dévloppement et Paix.Jou samdi 25 sektanm nan, reprezantan ITECA, Caritas, ak Développement et Paix te fè yon chita tande pou gade ansanm modèl kay ki konstwi nan lakou ITECA a .Chita tande sa a te fèt nan objektif pou fè remak ak obsèvasyon nan sans pou korije sak merite korije pou pwojè vanse byen epi pi vit.
Antouka nap fè tou sa nou kapab pou konstriksyon premye kay yo kòmanse nan mwa oktòb la.Yon nan pi gwo difikilte ki anpeche nou kòmanse se rezilta analiz echantiyon sab benefisyè yo nou voye nan laboratwa nasyonal, ak kèk lòt fòmalite.
Padan tout mwa sektanm nan benefisyè 100 premye kay yo toujou pase gade kay yo pou chwazi ki modèl yo pi renmen. Nap fè nou sonje moun yo gen pou chawzi pami 4 modèl: 2 modèl an blòk yon kare ak yon rektang, 2 modèl an wòch yon kare ak yon rektang.
Pou bon dewoulman pwojè a benefisyè 100 premye kay yo òganize yo an 10 gwoup ,chak gwoup chwazi 3 delege an rankont kap fèt ak ITECA . Rankont sa yo fèt chak semenn, rankont yo fèt nan objektif pou pataje enfòmasyon ak benefisyè sou avansman pwojè a,epi planifye diferan aktivite ki gen pou fèt yo. Nan semenn kap vini an nou sèten tou lè 4 modèl kay nan lakou ITECA yo ap fini.
Nou espere nan fen lane a premye seri 100 benefisyè yo ap gen chans pou dòmi nan bèl kay tounèf yo.

dimanche 12 septembre 2010

ITECA kòmanse yon eksperyans elvaj vètè(lonbrikti)











Depi kèk mwa ITECA kòmanse yon eksperyans lonbrikilti nan fèm Ti Boukan an. Ki sa lonbrikilti a ye ( elvaj vètè )?Lonbrikilti se lè ou chwazi mete ansanm yon kantite vètè nan yon espas byen kontwole nan objektif pou transfòme dechè kwizin ak kaka bèt pou fè yo tounen konpòs ak angrè òganik.
Nan fèm ITECA nou te kòmanse ak kèk grenn vètè yon zami te pote pou nou, apre yon lane vètè yo te rive ogmnate anpil epi transfòme kaka lapen, kaka kabrit yo ak dechè kwizin an yon bon valè konpòs ak angrè. ITECA kwè elvaj vètè se yon aktivite ki merite simaye nan milye peyizan pou yon ka kòmanse abitye sèvi ak konpòs ak angrè natirèl san yo pa bezwen al achte byen chè agrè chimik.

Apre abri pwovizwa ITECA ak bourad Caritas Swis ak Devlopman ak Lapè ap vanse nan pwojè bati kay pou moun Ti Boukan












Depi nan fen mwa Jiyè ITECA kòmanse met men nan pwojè konstwi kay pou moun Ti Boukan.Ki objektif pwojè sa ? Objektif pwojè sa a se ede moun Ti Boukan rekonstwi kay yo apre terib tranblemantè 12 janvye 2010 a.Nap fè nou sonje tou swit apre 12 janvye ITECA ak konkou Caritas te distribiye plis pase 3000 tant ak kit bay moun Ti Boukan, kòm nou konnen apre plizyè mwa anba lapli ak solèy tant yo fin paka kenbe ankò. Se poutèt sa ITECA te wè nesesite pou ede moun Ti Boukan rekonstwi kay yo. Nan sans sa ITECA al chache bourad nan men diferan patnè li konn abitye kolabore avèl, se konsa li fè demach bò kote Caritas Swis pou ede l reyalize bèl pwojè sa a.Ki sa pwojè a ye ? Nan pwojè ITECA gen pou konstwi pou kòmanse 1700 kay ak bourad Caritas Swis,kay sa yo ap mezire 36 mèt kare,yap kouvri an tòl, genyen kap fèt ak blòk genyen kap fèt ak wòch.Bènefisyè yo gen pou yo bay kòm kontibisyon tout materyo lokal yo tankou sab,wòch, dlo ak fòs kouraj yo ITECA ak konkou Caritas ak Devlopman ak Lapè ap bay rès materyo ki nesesè yo.Pou kòmanse pwojè ap derape ak 100 kay kidonk 10 kay nan 10 lokalite epi gen 4 modèl kay kap konstwi nan lakou ITECA a nan objektif pou benefisyè yo ka chwazi modèl kay yo pi pito. Pwojè sa a ap fèt nan kolaborasyon ak regwoupman òganizasyon ki nan zòn nan. Se òganizasyon nan kominote a ki chwazi bènefisyè yo. Jiska prezan pwojè a ap byen mache nou espere lòt lane konsa peyizan Ti Boukan ap gen yon bon kay pou yo rete.

lundi 19 juillet 2010

Sciaf (Scottish Catholic international Aid Fund nan Chèn Mate

















Soti 9 pou rive 10 Jiyè ITECA akonpaye yon delegasyon Sciaf ( Scottish Catholic International Aid Fund) pou vizite regwoupman òganizasyon fanm peyizan nan Chèn Mate. Chèn Mate ( Kouyòl) chita nan komin Akayè se yon zòn ki gen anpil mòn ,wout yo pa bon ditou , peyizan yo oblije fè 5è tan pou pote machandiz yo al vann nan bouk Akayè.Sciaf se yon enstitisyon legliz Catholic nan peyi Ecosse tou pre peyi Angletè.Delegasyon Sciaf la monte Chèn Mate se pou vizite yon pwojè legim yo finanse pou fanm nan zòn sa a.Jhon , Clear 2 reprezantan Sciaf ak Thomas yon fotograf te vizite plizyè jaden legim fanm peyizan yo , fè entèvyou ak fanmy peyizan maman ak pitit. Delegasyon te patisipe nan yon rankont ak plis pase 100 fanm peyizan , apre delege Sciaf yo te fin fè entèvyou ak medam yo epi vizite jaden, plizyè fanm peyizan te fè yon demonstrasyon pou montre ki jan yo fè konpòs ak ensektisid natirèl. Pandan vizit sa delegasyon te fè anpli foto pran anpli enfòmasyon sou kondisyon fanm peyizan apvi nan Chen Mate, Nou espere delegesyon Sciaf la te satisfè de vizite sa a

lundi 21 juin 2010

ITECA ak konkou FLM distribiye plan yanm bay plis pase 700 fanm nan Ti Boukan









Pandan mwa Me 2010 lan ITECA ak konkou FLM(Federation lutherienne mondiale ) distribye 17 oo kg plan yanm bay 71o fanm nan19 lokalite nan Ti Boukan. Distribisyon sa a te fè an kolaborasyon ak reprezantan regwoupamn òganizasyon fanm nan Ti Boukan. Delege chak òganizasyon te pran responsabilite pou fè distribisyon nan zòn kote òganizasyon yon kouvri. Gen 4 òganizasyon fanm ki te patisipe nan òganize distribisyon plan yanm, distibisyon sa a te fèt nan Sant ITECA a. Gen 4 òganizasyon fanm ki te patisipe nan ditribisyon an OFTB,UFID,AFKG,OFAMG òganizasyon sa yo se manm regwoupman fanm Ti boukan.Regwoupman òganizasyon fanm an te patisipe nan yon famasyon avan etap ditribisyon plan yo , apre plan yanm fin distribiye gen delege òganizasyon yo kite pran fòmasyon nan Sant ITECA pou trete plan yanm yo. Tretman sa a fèt pou ka pwoteje plan yanm yo kont mawoka ak lòt maladi ki konn atake yanm yo .

Ekip ITECA òganize yon seyans tretman yanm pou benefisyè yo nan Digo yon lokalite Ti Boukan








Jou ki 22 Me 2010 lan ekip teknik ITECA te òganize yon seyans tretman pou yanm benefisyè nan Digo.Nan seyans fòmasyon sa a te gen 60 benefisyè ki vin trete yanm yo. ITECA te pote yon pwodui ki rele vidat pou trete yanm yo , se 4 delege ITECA te chwazi nan fòmasyon an ki fè tretman pou yanm yo. ITECA te fè tretman yanm sa a se pou pwote je yanm yo pou mawoka pa atake yo.Fòmatè sa yo gen pou òganize yon sesyans tretman pou yanm nan chak lokalite.Nap fè nou sonje pwojè yanm sa a te reyalize ak bourad FLM ( Federation lutherienne mondiale). Nan pwojè sa a gen plis pase 600 fanm ki te benefisye plan yanm.