30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

lundi 27 septembre 2010

Pwojè konstriksyon kay pou moun Ti Boukan ap vanse





Jan nou wè l sou foto yo pwojè konstriksyon kay Ti Boukan yo ap vanse. Pwojè konstriksyon sa a se yon inisyativ ITECA ki jwenn bourad Caritas Suisse ak Dévloppement et Paix.Jou samdi 25 sektanm nan, reprezantan ITECA, Caritas, ak Développement et Paix te fè yon chita tande pou gade ansanm modèl kay ki konstwi nan lakou ITECA a .Chita tande sa a te fèt nan objektif pou fè remak ak obsèvasyon nan sans pou korije sak merite korije pou pwojè vanse byen epi pi vit.
Antouka nap fè tou sa nou kapab pou konstriksyon premye kay yo kòmanse nan mwa oktòb la.Yon nan pi gwo difikilte ki anpeche nou kòmanse se rezilta analiz echantiyon sab benefisyè yo nou voye nan laboratwa nasyonal, ak kèk lòt fòmalite.
Padan tout mwa sektanm nan benefisyè 100 premye kay yo toujou pase gade kay yo pou chwazi ki modèl yo pi renmen. Nap fè nou sonje moun yo gen pou chawzi pami 4 modèl: 2 modèl an blòk yon kare ak yon rektang, 2 modèl an wòch yon kare ak yon rektang.
Pou bon dewoulman pwojè a benefisyè 100 premye kay yo òganize yo an 10 gwoup ,chak gwoup chwazi 3 delege an rankont kap fèt ak ITECA . Rankont sa yo fèt chak semenn, rankont yo fèt nan objektif pou pataje enfòmasyon ak benefisyè sou avansman pwojè a,epi planifye diferan aktivite ki gen pou fèt yo. Nan semenn kap vini an nou sèten tou lè 4 modèl kay nan lakou ITECA yo ap fini.
Nou espere nan fen lane a premye seri 100 benefisyè yo ap gen chans pou dòmi nan bèl kay tounèf yo.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire