30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

mercredi 6 janvier 2010

Jounnen refleksyon nan Sant Ti Boukan pou make 30 lane fondasyon ITECA
















Jou ki te 19 Desanm 2009 la,nan lokazyon 3o lane fondasyon ITECA tout ekip la te òganize yon yon jounen refleksyon ansanm ak manm fondatè yo manm konsèy adminitrasyonITECA ak plizyè delege òganizasyon. Objectif jounnen sa a se te pou gade: Kote nou soti ?Kote nou ye? Ki Kote nou prale?
Pou kòmanse jounen se prezidan Konsèy Administrasyon ITECA Madanm Kety Paquiot ki di envite yo li kontan wè yo nan vin patisipe nan jounen an.Apre patisipan yi te prezante tèt yo ,tout swit apre yon animatè te fè yo ti pale sou kadans jounen an. Premye panèl la te fè yon rale sou orijin ak rasin ITECA entèvenan ki te sou panèl sa a se : Georges Werleigh : manm Fondatè ITECA ,ansyen Prezidan Konsèy Admnistrasyon ITECA, Renal Clerisme : Manm Asanble Jeneral ITECA, ansyen Prezidan Konseèy Administrasyon ITECA, Pè Yvon Joseph: manm Konsèy Administrasyo ITECA, ak mpou moderatè Alixe Perard Ansyen Direktris ITECA.
Dezyèm panèl la te fè yon rale sou chimen travay ITECA trase ak pote kole enstitisyon an pou tabli yon nouvo mouvman peyizan nan peyi a. Panèl sa a te ranmase taw peryò: 1979-19986/1986-1990/1990-1994. Moun ki te entèveni se Marc Arthur Fils Aime : Ansyen manm pèsonèl ITECA, Emile Eyma : ansyen Direktè ITECA, Pè Frantz Grandoit: Ansyen kolaboratèITECA, Elie Moupoint Kad peyizan ki te pran fòmasyon nan ITECA, manm Asanble Jenaral ITECA epi ansyen manm KOnsèy Administrasyon ITECA, Paul Rodney Henry: Ansyen anplwaye ITECA ak pou moderatè Vita Tèlcy : Kad peyizan ki te pran fòsyon nan ITECA epi manm Sektè fanm ITECA jounen jodi a. Twazyèm panèl la te fè yon rale sou nouvo reyalite milye riral ,kriz mouvman peyizan an ak travay ITECA jounen jodi a. Panèl sa te chita sou peryòd: 1994-200epi 200pou rive jounen jodi a. Entèvenan sou panèl sa a se Ollery Saint Louis: Mamn Asanble jeneral ITECA, ansyen manm konsèy Administrasyo ITECA. Alixe Perard: Ansyen Direktris ITECA, ak pou moderatè Michèle Pierre Louis, manm Asanble Jeneral ITECA api manm Konsèy Administrasyon ITECA. Pou fini se Prezidan Konsèy la Kety Paquiot ki te bay dènye mo ak pèspektiv pou swivi jounen an.

30 Lane Fondation ITECA: Kote nou sòti ?
Kote nou ye? Ki kote nou prale?

Jounen Refleksyon nan Sant Fòmasyon Ti Boukan –
Samdi 19 desanm 2009 9vè-4trè

------------------------------------------------------------------------------------------------------------
Nan mwa jen 1978, premye finansman pou kanpe ITECA te rive. Se IAF ki te fè jès sila a. Men se 1979 ki kenbe pou lane fondasyon ITECA. 2009 fè enstitisyon an 30 tan. Nan peyi a, nou gen abitid sèlman gade pwoblèm ki genyen. Nou pa fasil pran yon ti moman salye eksperyans pozitif ki fèt epi prezante modèl sila yo bay nouvo jenerasyon ki vini. Nou kwè ITECA se yon jefò, yon patrimwàn peyi a ki pa dwe sibi menm sò a.

Difikilte ekonomik lakòz nou paka viv moman an fason nou te espere fè sa. Men 30 tan lavi yon enstitisyon tankou ITECA paka pase konsa. Se vre nan orijin li, ITECA te dwe yon pwolonjman travay IDEA t ap fè pou depatman jewografik Nò ak Nòdès. An reyalite, lidè peyizan pra l sòti nan tout peyi a pou vin pran fòmasyon nan ITECA. Enstitisyon pa t genyen yon lavi fasil. Men li rive kenbe fèm pandan 30 lane epi se tout sektè ki rekonèt travay li te itil pou fè peyizan yo nan peyi a tounen yon aktè sosyal ak politik. Ekzistans li jounen jodi a toujou rete nesesè pou kore lit mouvman peyizan ayisyen an.

Konsèy Administrasyon ITECA pran desizyon nan okazyon 30 lane fondasyon an pou reyalize yon jounen refleksyon, brase lide sou travay enstitisyon an ak nouvo reyalite peyizan yo nan peyi a. Jounen brase lide sila a se pa pou fè bilan total kapital 30 lane ekzistans ITECA. Se t ap yon bon bagay si te gen posibilite pou sa fèt. Travay sila a te deja kòmanse nan okazyon 20 lane fondasyon ITECA. Dokiman ki te ekri lè sa a pa t rive pibliye.

Objektif jounen an, se yon siy rekonesans ak memwa pou tout moun, tout enstitisyon ki te pote kole pou tabli ITECA osèvis mas peyizan yo. 30 lane lavi enstitisyon an te charye anpil boulvès, divèjans ak kriz. Men chak moun, tout moun ki te dirije, travay ak kore fonksyonnman ITECA genyen yon moso rekonesans pou ranmase epi bay temwayaj yo pou nou :
· pa janm bliye kote nou sòti ?
· Evalye kote nou ye ?
· Epi konprann ki kote nou prale ?

Konsèy Administrasyon ITECA envite tout manm fondatè, ansyen dirijan ak kolaboratè, òganizasyon ak lidè peyizan, manm Asanble Jeneral ak tout lòt enstitisyon zanmi vin patisipe nan jounen refleksyon k ap fèt samdi 19 desanm 2009 sòti 9 vè pou rive 4 trè nan Sant Fòmasyon ITECA (Ti Boukan – Gresye).

Pwogram jounen an pra l chita sou 3 gwo moman. Se yon panèl k ap anime chak moman :

Premye moman: Ki rezon ki te alabaz kreyasyon ITECA? Kisa ki te reyalite peyizan yo nan moman sa a?

Li enpòtan pou nou pa janm kite dèyè lojik sosyal ak politik ki mennen nan kreyasyon ITECA. Se lojik sila a ki bay enstitisyon an makfabrik li. Depi l fèt, kòd lonbrit li mare avèk peyizan yo. Nan ki sans lojik ki mennen nan kreyasyon ITECA te makonnen avèk kondisyon ak dinamik sosyal ki t ap layite kò l nan epòk sa a nan milye peyizan an? Kisa reyalite sa a te ye li menm? Ki kalte mòd entèvansyon enstitisyon an te devlope pou ede chanje reyalite a?

Panèl k ap lanse deba sa a ap gen ladan l aktè premye moman ekzistans ITECA : manm fondatè, ansyen anplwaye ak premye kad peyizan ki te jwenn premye fòmasyon.





Dezyèm moman : Kisa ki te estrateji travay ITECA nan yon peryòd 2 tèt (lit kont diktati makout la ak emèjans yon mouvman demokratik) ?

Moman sa a dwe ede nou konprann kouman ITECA rive trase chimen travay li epi ki wòl li bay tèt li nan pote kole nan lit demokratik yo. Konsa nou dwe gade kesyon tankou : ki estrateji, metòd ak teknik ITECA te bay tèt li nan akonpayman l t ap devlope ? Ki kouran politik ak ideyolojik ki te nan rasin pratik l ap devlope ? Ki pi gwo kontribisyon ITECA nan bay yon nouvo mouvman peyizan jarèt nan peyi a ? Ki pi gwo limit travay sa a montre ?

Panèl sa a ap konpoze avèk ansyen direktè ITECA, responsab lòt enstitisyon patnè ak dirijan mouvman peyizan nan peyi a.

Twazyèm moman : Kisa ki difikilte ak repons ITECA nan mitan sitiyasyon kriz ak konfizyon jounen jodi a ?

Nou anvizaje moman sa a apati lane 1990 kote nan yon premye tan kesyonnman ap layite kò yo sou sa ki dwe oryantasyon lit demokratik ak popilè yo. Se moman tou kote milye riral, peyizan an bay siy l ap pèdi souf. Kijan van Lavalas la te soufle nan lavi ak pratik travay ITECA? Eske enstitisyon an te rive redefini yon pozisyonnman estratejik? Kisa li genyen kòm lekti reyalite peyizan yo jounen jodi a? ki oryantasyon de baz travay li ak limit oryantasyon sila a?

Panèl sa a dwe rasanble dirijan ITECA kounye a, manm Asanble Jeneral ak pèsòn resous k ap swiv travay enstitisyon tankou ITECA.

N ap mande tout moun ki resevwa envitasyon sila a pou konfime patisipasyon yo nan nimewo telefòn: 22457041 oubyen 22457042. Ou dwe fè konnen tou si se nan machin ITECA ou prale nan Sant Fòmasyon Ti Boukan an. Apati 6zè30 nan maten, machin ap kòmanse pati. Dènye okazyon se pou 8 tè nan maten. Peyizan k ap sòti lwen dwe rive nan biwo
epi vandredi 18 desanm jan sa abitye fèt.

1 commentaire:

  1. Bravo ITEKA pou bon jan travay wap fè nan kominote ayisyenn nan!
    m swete nou kontinye konsa epi tou m swete nou jwenn plis bourad poun sa ede peyizan yo.

    wander
    depi peyi lafwans

    RépondreSupprimer