30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

dimanche 17 janvier 2010

12 Janvye yon trambleman tè frape Ayiti . ITECA ak anpil moun Gresye viktim














































Jou ki te 12 Janvye 2010 a 4 kè 53 lan apre midi lan yon gwo tranbleman tè frape Ayiti plizyè vil nan peyi a. Pòtoprens Gresye Leogane Grangwav ak Ti Gwav se vil sa yo ki te pi frape .Lokal ITECA nan Ti Boukan Gresye a sibi anpil domaj gen plizyè kay ki kraze nan lokalite Ti Boukan preske tout peyizan nan zòn ap dòmi nan lari, sou teren ak nan lakou.Jiska prezan moun yo pako jwenn okenn otorite vin pale ak yo. Anpil mou kòmanse kite Pòtoprens pou ale nan pwovens paske yo pagen kote pou yo dòmi. Kanta pou Pòtoprens menm se pirèd mòvèz odè gadav yo ap degaje ajoute ak mank dlo ak manje kote pou yo dòmi fè moun yo ap kouri kite Pòtoprens pa pil . Nou tande gen nanpil èd kap vini nou espere èd sa yo pral jwenn moun ki viktim tout bon , pou èd sa yo pa al fè vin gen plis granmanjè sou do pèp la. Nan sans sa a ITECA ap ankouraje moun ki viktim yo pou gwoupe yo an asosyasyon pou ka fè presyon sou responsab yo pou yo jwenn èd sa yo. Nou pral fè wè kèk foto pou ka konprann pi byen dega tranbleman tè a te fè nan ITECA .








Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire