30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

dimanche 24 janvier 2010

Ekip ITECA a vizite viktim Ti Boukan yo ak reprezantan Developpement et Paix ak Caritas Suisse,2 delege regwoupman òganizasyon zòn nan ak Kasek la





















Samdi 23 Janvye 2010 lan ekip ITECA a ak yon reprezantan Developpement et Paix nan peyi Canada André Charlebois ak yon reprezantan Caritas Suisse Franz Stadelman te al vizite peyi ki viktim nan mòn Ti Boukan. Ansanm ak ekip ITECA a 2 vizitè sa yo te konstate ki valè dega tranbleman tè a fè nan lokalite Ti Boukan.Nan vizit sa te gen te gen 2 delege regwoupman òganizasyon nan lokalite a plis kasek seksyon ki te akonpaye nou. ITECA te fè vizit sa a nan objektif pou pote solidarite ak peyizan epi gade anmèmtan ki pou nou ede travèse moman difisil sa a y ap viv la.Nan foto yo nou wè nou ki eta kay moun yo kraze epi nan ki kondisyon yo oblije dòmi. Jiskaprezan se anba dra moun yo abite, genyen ki pran chans kòmanse fè ti kay an pay. Si gen kèk moun Pòtoprens ki jwenn kèk ti èd kanta pou moun nan mòn Ti Boukan yo poko pran sant èd ditou.Se lanati ki kontinye bay chans paske si lapli kòmanse tonbe peyizan nan mòn Ti Boukan mennjan ak anpil moun an lòt kote nan ka.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire