30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

dimanche 24 janvier 2010

Menn jan ak Ti Boukan tranbleman tè 12 Janvye a fè gwo dega nan bi wo ITECA nan rue Rivyè nan Pòtoprens.











Nan foto sa yo nou wè ki jan kantite dega tranbleman tè 12 Janvye a fè nan biwo lyezon ITECA genyen nan vil Pòtoprens.Depi apre ravaj tranbleman tè a ,ekip ITECA pa rive fonksyone nan lokal sa a paske lokal pran anpil chòk,se poutèt nou kòmanse retire materyèl pou transpòte yo nan Sant Ti Boukan Gresye.Jiska prezan ekip ITECA ap reflechi pou konnen ki kote nou pral tabli biwo nou nan Pòtoprens.Malgre tout pataswèl ITECA pran nou pa sispan travay pou akonpaye moun ki viktim apre tranbleman tè 12 janvye a.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire