30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

dimanche 31 janvier 2010

Yon gwoup Hollandais pote solidarite fason pa yo bay moun Ti Boukan








Yon antrepriz Hollandais ki espesyalize nan kesyon tretman dlo te fè ITECA kado yon aparèy pou trete dlo. Depi plizyè lane ITECA enstale yon sitèm dlo potab nan Ti Boukan, se yon komite ki fòme ak moun nan kominote a ki ap jere sistèm nan. Apre tranbleman tè 12 janvye a sistèm nan te sibi gwo domaj, men teknisyen te gwo jefò pou repare sistèm. Kòm nou konnen popilasyon te bezwen dlo anpil nan moman an.ITECA te bezwen yon aparèy konsa tankou tè sèk ki bezwen lapli. Aparèy sa a pral pèmèt ITECA distribiye bon jan dlo bay moun Ti Boukan epi reprann aktivite vann dlo a li te genyen lan pwogram depi lontan. Nou di gwoup Hollandais sa a yon gwo mèsi pou gwo Kado sa a.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire