30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

lundi 4 mai 2009

Premye Me nan Ti Boukan
















Pou make jounen premye Me 2009 lan Iteca te envite 520 elèv,ki soti nan 4 lekòl ki nan lokalite Ti Boukan, komin Gresye pou vizite Sant Fòmasyon ITECA.Objektif vizit sa a se pou : fè elèv yo konnen ki aktivite k ap fèt nan Sant lan , fè yon sansibilizasyon ak elèv yo sou kesyon anviwonman, ankouraje yo plante pye bwa. Pou kòmanse yon moun nan ekip ITECA a te fè yon rale sou ITECA , ki aktivite ITECA ap mennen,ki kote ITECA travay. Yon lòt moun nan ekip la te pale enpòtans pye bwa nan anviwonman an epi ki jan pou yo plante ti pye bwa yo gen pou resevwa a.Elèv yo te divize an plizyè ekip pou vizite sant lan: nou te vizite ak elèv yo : rich myèl, pòchri,poulaye, jaden legim, pepinyè, sal reyinyon, dòtwa. Nan fen vizit la chak ti moun te resevwa yon ti pye mango pou yo al plante lakay yo.Padan tout vizit la ekip ITECA a bay elèv yo esplikasyon sou espas yo vizite epi reponn kesyon elèv yo poze.Dapre plizyè elèv se premye fwa yo vizite san ITECA a epi yo trè kontan vizit la.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire