30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

mercredi 9 mars 2011

Selebrasyon 8 mas 2011 nan Fon Ma Ti Boukan( Gresye)










Selebrasyon 8 mas 2011 ak lansman Regwoupman Fanm Peyizan Ti Boukan (Gresye) reyalize nan Fon Ma
Madi 8 mas 2011 lan, malgre li tonbe nan menm jou ak kanaval,regwoupman fanm peyizan nan Ti Boukan selebre jounen entènasyonal fanm lan epi yo reyalize lansman ofisyèl regwoupman an . Nan selebrasyon te gen 7 òganizasyon fanm reprezante. De( 2 ) manm sektè fanm te pran pa nan aktivite sa a. Selebrasyon an kòmanse bò 11zè pou li fini bò 2zè. Nan selebrasyon sa a nou te ka remake prezans yon gwo potanta fanm (Yolène JEANBAPTISTE) ki se manm AGIR k ap travay nan ministè ledikasyon nasyonal. Premye manm KAZÈK la ( Ricot…) te prezan epi li te pran lapawòl plis youn nan kandida pou depite Gresye Antonio VERIKEN ki prale nan dezyèm tou. Kowòdonatris chak òganizasyon yo te pran lapawòl pou fè pase revandikasyon fanm peyizan nan Gresye. Nan pwogram lan te gen dans, pwezi fanm peyizan yo menm konpoze. Anpil animasyon ak bèl chante pou onore fanm oubyen pou fanm yo fè pase revandikasyon yo. Gen 2 òganizasyon fanm OFTB,… ki konpoze 2 chante nou kapab apresye yo nan defile yo te òganize.

Men òganizasyon ki te prezan nan rankont sa a ak kantite fanm yo te rasanble:
Òganizasyon
Kantite fanm
Lokalite
OFTB
120
Ti Boukan
UFID
65
Digo
AFKG
127
Soukafou
UFPB
70
Koray Obri
OGFAMG
31
Mawotyè
OFAG
43
Giran
OFPPDG
50
Poulaye
Total
506

Anplis fanm òganizasyon yo,gen lòt fanm nan zòn nan ak lòt fanm lòt kote ak anpil gason ki vin asist

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire