30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

dimanche 16 janvier 2011

12 janvye 2011 ITECA ak sip CARITAS SUISSE lanse pwojè konstriksyon 1700 kay nan seksyon Ti Boukan nan Gresye.









Jou ki te 12 janvye 2011 lan plis pase 700 moun patisipe nan yon seremoni pou lanse pwojè konstriksyon 1700 kay nan Ti Boukan.Objektif seremoni sa a se te pou make dat 12 janvye 2010 la epi anmenm tan lanse pwojè a. Nan seremoni sa nou te kòmanse ak im nasyonal peyi a, aprè te gen chaje pwogam ITECA a ki te bay ki sa ki te gen nan pwogram nan. Nan pwogram nan te gen direktè ITECA a ki te fè yon rale sou 12 janvye 2010 konsekans li sou peyi ak sou Ti Boukan, li te pale tou responsabilite leta nan katastwòf sa a ak ki jan ITECA te akonpaye moun nan Ti Boukan epi ki wòl òganizasyon ap genyen pou yo jwe nan rekonstriksyon peyi a. Gen reprezantan Caritas Suisse ki te pran lapawòl tou, gen reprazantan 100 benefisyè yo, reprezantan diferan regwoupman ITECA ap akonpaye yo, reprezantan otorite lokal yo, depite, majistra ak kazèk nan komin nan. Men pi gwo aktivite a nan pwogram nan se te konkou chante ak 100 benefisyè yo ki pral abite nan kay yo. Objektif konkou sa a se te pou devlope talan atistik peyizan yo epi mobilize benefisyè yo pandan yap travay sou chantye yo. Padan pwogam sa a lakou ITECA te chofe anpil tout 10 gwoup yo te mete gwo animasyon sou estand nan. Men ki rezilta manm jiri yo te bay: gwoup Fonma ki te pran premye pri a, gwoup Ti Ginnen te pran dezyèm pri a ak gwoup Nan Elèv ki te pran twazyèm pri a. Nap raple pou tou zanmi nou yo depi avan lansman pwojè ekip enjenyè ITECA yo deja kòmanse trase 8 kay epi benefisyè yo kòmanse fouye fondasyon kay yo. Nou espere nan 3 mwa premye seri kay sa yo ap gen tan fini pou benefisyè yo rantre ak kè kontan nan kay yo .

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire