30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

vendredi 11 décembre 2009

Pou klotire lane 2009 delege regwoupman òganizasyon te fè yon dènye rankont pou yo evalye aktivite yo reyalize ansanm ak ITECA ..





Pandan 2 jou 7 ak 8 Desanm 2009 lan ekip fòmasyon ITECA a delege regwoupman òganizasyon ki soti nan 6 komin Gresye, Akayè, Senmak, Vèrèt,Gwomòn. Objektif rankont sa a se pou gade ansanm ak regwoupman yo :

  • Ki aktivite ITECA te reyalize ak regwoupman yo
  • Kijan aktivite regwoupman te reylize pou kont yo .
  • Kijan animatè ak animatris ITECA yo te ede yo vanse.
  • Ki pwopozisyon yo genyen pou lane 2010 lane

Ekip fòmasyon an te brase lide ak tout regwoupman yo sou divès pwoblèm y ap konfwonte bò lakay yo epi ki pi bon solisyon yo ka jwenn pou rezoud pwoblèm yo. Direktè ITECA te fè yon rale sou diferan difikilte enstitisyon ap konfwonte pou jwen kòb pou akonpaye òganizasyon yo. Se yonn nan rezon ki fè nan chak komin ITECA te chwazi yon filyè espesyal pou devlope ak peyizan yo . Nan sans sa a Gwomòn se filyè mango,Savanèt se zaboka, Vèrèt se kabrit, Chèn mate se legim epi Sen Mak se legim. Delege yo te tou pwofite vizite fèm ITECA sou sipèvizyon animatè yo ki tap bay yo enfòmasyon. Nan fen rankont evalyasyon te òganizasyon yon bèl sware kiltirèl kote plizyè delege te eksprime talan epi byen amize yo tou.Nou bat yon gwo bravo pou yo.

vendredi 4 décembre 2009

Vire won ITECA nan Chen Mate Vèrèt ak Savanèt pou vizite jaden legim yo ak pou gade jesyon famasi veterinè ki nan komin sa yo














Soti 23 pou rive 27 novanm yon ekip ITECA te fè yon vire nan 3 komin Akayè (Chèn Mate) Vèrèt ak Savanèt. Objektif vizit sa a se pou te rankontre reprezantan manm regwoupman ki ap jere famasi veterinè ITECA mete nan diferan komin sa yo. ITECA mete famasi veterinè sa yo pou pèmèt peyizan yo jwenn medikaman ak swen sante pou pi bon mache.Inisyativ sa rantre nan pwogram ITECA genyen pou kore pwodiksyon peyizan.Nan vire won sa a ekip ITECA pwofite tou pou vizite jaden legim regwoupman peyizan Chèn Mate ap jere. Ekip ITECA vizite lakou Anri yon peyizan Vèrèt ki gen nan lakou l: yon pak kabrit, 2 basen pwason ak jaden zèb ak lòt plant ki bon pou kabrit. Nan Vèrèt ak Savanèt nou pwofite fè yon spòt nan radyo Chandèl nan Vèrèt ak radyo Boukan nan Savanèt pou fè pwomosyon famasi veterinè yo. Nan chak radyo sa yo nou fè yon emisyon pou ankouraje peyizan yo pran swen bèt yo pi byen pou yo ka jwenn bon rannman.

Iteca ap fè pwomosyon yon lòt kalite elvaj kabrit












Padan 3 jou 1 pou rive 3 desanm 27 peyizan ki se manm regwoupman òganizasyon ki soti nan komin Akayè ( Chèn Mate)ak Vèrèt,patisipe nan yon fòmasyon sou elvaj kabrit.Objektif fòmasyon sa a se pou fè peyizan sa yo soti nan nivo gadè kabrit pou vin tounen elvè tout bon. Lè nou konsidere ki enpòtans kabrit genyen nan ekonomi peyi a , se kabrit ki vyann ki pi chè nan peyi a ,epi se bèt ki manje plis varyete plant ak zèb ki donnen prèske nan nenpòt tè.Se poutèt sa ITECA te wè nesesite pou fòmasyon sa a ak peyizan yo pou pèmèt fè elvaj kabrit pi byen ak pou ogmante pwodiksyon kabrit nan peyi a epi fè plis kòb tou. Peyizan te gen chans fè konesans ak Anri yon peyizan Vèrèt ki se yon modèl nan fason li pran swen kabrit li. Padan fòmasyon sa a ansanm ak peyizan yo nou jwenn sou fèm ITECA plis pase 60 plant ak zèb kabrit konn manje. Apre fòmasyon an chak patisipan te ale ak 3 sachè zèb pou yo al fè jaden zèb pou kabrit yo manje. ITECA pran inisyativ sa a nan lide pou ankouraje peyizan fè pratik pou plante manje pou bèt yo .

mardi 10 novembre 2009

Moniman istorik ki sou lagraba Fò Delpech nan CHèn Mate Akayè ak Gwòt Anacaona Ti Boukan Gresye





























Plizyè kote nan peyi a gen yon bann sit istorik ki abandone ki fin kraze. Anpil fwa menm moun ki nan zòn nan pa menm konnen enpotans moniman sa yo . Nou ka pran pou egzanp nan Chèn Mate ki nan komin Akayè gen peyizan ki rele fò yo miray.Gen peyizan ki panse se blan franse ki te bati fò sa yo. Ki sa ki fè peyizan panse konsa ?Gen moun ki di se paske peyizan pa enfòme, gen lòt ki di se paske leta pa enterese ak moniman yo paske leta pa menm konnen egzistans moniman yo. Antouka li enpòtan anpil pou òganizasyon peyizan ki gen moniman sa yo bò lakay fè popilasyon an konnen enpòtans moniman sa yo Fòk nou fè popilasyon konnen trè byen nan ki sikonstans zansèt nou yo te konstui moniman sa yo ,se ak swè ak ak san yo yo te bati moniman yo . Fòk òganizasyon yo fè moun kap viv bò kote moniman yo koprann se pou yo pwoteje moniman yo. Se akòz penyen lage dirijan noun yo ki fè plizyè fò sa yo fin kraze konsa. Fò sa yo se de moniman istorik pou elèv lekòl te dwe vizite pou konnen epi konprann pi byen istwa peyi a. Moniman sa yo se kote pou tout sitwayen nan peyi a ta vizite pou konprann ki gwo sakrifis zansèt yo te fè pou yo te ka konsève dwa granmoun peyi a ki jodi a sou lokipasyon.

lundi 9 novembre 2009

Dènye seri kou ratarapaj pou ajan veterinè yo nan Sant ITECA Ti Boukan Gresye











Soti 5 pou rive 9 novanm 2009 sektè teknoloji ITECA te òganize twazyèm seri kou ratrapaj pou 23 ajan veterinè pou lane a. Nan seyans fòmasyon a te gen 23 ajan veterinè ki te soti nan komin Gwomòn , Vèrèt,Savanèt,Granbwa,Akayè,Gresye.Objektif fòmasyon sa a se toujou nan kad pou ogmante konesans ajan yo epi ranfòse kapasite ajan veterinè pou pran swen bèt elvè yo pi byen epi montre elvè yo ki meyè fason pou okipe bèt yo .An kolaborasyon ak Dr Rodney,Dr Masela ki se reprezantan ministè lagrikilti sektè teknoloji ITECA a ak Agr Dirk te fè yon rale so ou tèm tankou : Bakteri, virus, ak diferan maladi yo ka bay. Nan fòmasyon an fòmatè yo te gade ak ajan ki prekosyon yo ka pran pou pwoteje bèt yo kont diferan maladi epi ki tretman ki pi bon pou bèt yo.Fòmatè yo te fè ajan veterinè konprann nesesite pou yo montre elvè bay bèt yo manje ki byen balanse epi gade bèt yo nan pi bon kondisyon. Dr Rodney te mande ajan yo pou toujou avèti ministè lè yo konstate gen yon maladi ki fèk parèt nan zòn yo.Nan sans sa a ITECA te fè ajan veterinè yo jwen nimewo telefòn DR veterinè ki responsab direksyon santé animal ki nan laboratwa Tamarinye ak nimewo telefòn Dr veterinè ki responsab nan chak komin kote ajan yo ap travay

vendredi 30 octobre 2009

ITECA kontinye ogmante kapasite 23 ajan veterinè


















Soti lendi 26 pou rive 29 sektanm 2009 lan sektè teknoloji ITECA a te òganize yon kou ratrapaj pou 23 ajan veterinè ki soti nan 7 komin nan peyi a. Objektif kou sa se bay jan yo plis konesans nan domèn sante bèt. Nan fòmasyon sa fòmatè yo te fè yon rale sou maladi tankou : PPK , chabon , raj, teshen ak plizyè lòt maladi ki konn atake bèt yo. Fòmatè yo te bay anpil esplikasyon sou ki yon virus ak sa ki bakteri. Apre kou teyorik yo fòmatè yo te òganizayon klinik veterinè toupre lokal ITECA a nan Ti Boukan kote ajan veterinè yo te fè anpil egzèsis pratik tankou : konsilte kèk bèt ki malad,fè deparazitaj pou bèt ki gen parazit, pike bèt ki manke vitamin, chatre kochon.Peyizan nan zòn ti boukan te tou pwofite vini ak bèt yo ki malad pou jenn tretamn pou yon ti kras kòb.Nan fen kou ratrapaj lan plizyè ajan veterinè te pwofite achte medikaman nan famasi ITECA a pou yo ale fè tretman bò lakay yo .

lundi 19 octobre 2009

Dezyèm rasanbleman pou tabli yon mouvman fanm peyizan nan okazyon 15 oktòb 2009 la































Nan okazyon 15 Oktòb la ki se jounen entènasyonal fanm riral plis pase 100 fanm te vin patisipe nan dezyèm rasanbleman pou tabli yon mouvman fanm riral . Rasanbleman sa a te fèt nan lokal ITECA Ti Boukan Gresye, sou inisyativ sektè fanm ITECA a. yo. Delege òganizasyon fanm peyizan yo te soti nan plizyè komin. Objektif rasanbleman sa a se reflechi sou dat 15 oktòb la epi gade ki jan yo ka mete fòs yo ansanm pou batay pou yo chanje kondisyon lavi yo . Men deklarasyon ki soti apre rasanbleman an.

Ti Boukan, 16 oktòb 2009
DEKLARASYON FINAL NAN OKAZYON RASANBLEMAN FANM PEYIZAN
13-16 OKTÒB 2009 NAN TI BOUKAN GRESYE
Nou menm delegasyon san(100) fanm peyizan ki soti nan 10 òganizasyon fanm peyizan(Regwoupman fanm peyizan Gwomòn, Regwoupman Òganizasyon fanm peyizan Senmak, Regwoupman Òganizasyon Fanm peyizan Chèn Mate, Regwoupman Òganizasyon Fanm peyizan Savanèt, Regwoupman Òganizasyon fanm peyizan Vèrèt, POPNO(ki soti nan 10 komin nan Nòdwès), Fanm peyizan SOFA, Fanm peyizan TK, Fanm peyizan Gresye, Fanm peyizan MOFOD, Fanm peyizan Chantal, Fanm Peyizan Kanperen, Reprezantan branch fanm MPP, nou reyini nan dat 13-16 oktòb pou selebre jounen mondyal fanm riral. Nan okazyon sa a nou pwofite brase lide sou kondisyon lavi nou, sou kondisyon travay nou.
Jounen 15 oktòb la marye ak 16 oktòb ki se jounen lamanjay. Men nou menm fanm peyizan nou pwofite okazyon sa a pou nou reflechi sou souverènte nou kòm fanm k ap pwodui pou bay peyi a manje, epi n ap gade kijan pwodui pèpè ap fin kraze pwodiksyon nou yo, devan je leta nan peyi a ki pa janm fè yon aksyon pou valorize pwodui nou yo, ni pou frennen kontrebann.
Jounen 15 oktòb la marye tou ak jounen 17 oktòb ki se jounen asasinay Desalin ak jounen lit kont lamizè. Nou wè yon lòt fwa ankò se yon asasinay leta ap fè sou nasyon an, lè li louvri vant peyi a bay pwodui pèpè pou kraze tout pwodiksyon nasyonal la epi pou lage nou menm fanm peyizan nan mizè pi rèd toujou.
Lè nou konsidere nou menm fanm peyizan kise motè pwodiksyon nasyonal la, lè nou konsidere se nou menm ki bay peyi a manje, lè nou konsidere nou pa gen tè pou nou travay, se nan plàn, de mwatye, fèm, ipotèk nou ye, lè nou konsidere nou pa gen zouti pou nou travay, se lwe n ap lwe, se nan redi di pou nou achte yon ti semans, lè nou konsidere tout rivyè nou yo se nan lanmè y al tonbe, lè nou konsidere pakèt maladi k ap ravaje bèt ak plant nou yo, lè nou konsidere nou pa gen wout pou transpòte pwodui nou yo nan mache,lè nou konsidere pwodui nou yo pa gen valè sou mache a, lè nou konsidere nou pa gen lopital, nou pa lekòl pou pitit nou, lè nou konsidere enpòtans fanm peyizan nan pwodiksyon nasyonal la ,lè nou konsidere zak vyolans k ap fèt nan seksyon kominal yo, lè nou konsidere kijan pitit nou pa ka gen bon batistè,lè nou konsidere anpil nan nou pèdi batistè ak lòt papye enpòtan nan pasaj siklòn yo,men rekòmandasyon nou fè bay leta ayisyen:
1) Fè bon jan refòm agrè entegre pou fanm peyizan ka pwodui plis manje pou pitit peyi a sispan trennen bòl yo devan lòt peyi.
2) Mete bon teknisyen ki fòme pou akonpaye nou menm fanm peyizan nan travay latè ak nan gadinaj.
3) Konstui mache ak bon wout nan tout seksyon riral yo pou pwodui nou yo sispann gaspiye
4) Mete sant sante nan tout seksyon riral yo pou nou menm fanm peyizan sispann mouri nan fè pitit.
5) Konstui lekòl fondamantal ak pwofesyonèl pou fòme pitit nou yo ki pou pran la relèv nan pwodiksyon an ak pi bon teknik.
6) Arete, jije epi kondane tout moun k ap fè zak vyolans sou fanm peyizan, sou ti fi ak sou lòt moun nan kominote a.
7) Bay ONI posibilite pou l mete biwo nan tout seksyon kominal yo pou bay pitit nou, mari nou ak nou menm bon batistè,
8) Refè batistè ki pa bon yo, epi bay tout moun ki pèdi batistè yo ak lòt papye enpòtan nan pasaj sikòn yo, nouvo papye pou ki idantifye yo, idantifye byen yo genyen.
INITE SE FÒS POU KORE BATAY FANM PEYIZAN YO!!!!!!!
Komisyon inisyativ pou tabli Mouvman Fanm Peyizan:
Louidor Sherlie……………………………Regwoup Fanm Peyizan MariJàn Gwomòn
Dieucilia Altidor………………………………………..SOFA
Marie Guerda Jérôme………………………………….SOFA
Bienheureuse Noël…………………………………… RARA DELMA( CHANTAL)
Silphane Antoine……………………………………Regwoupman Fanm Peyizan Vèrèt
Christna Dérat ………………………………………Platfòm Fanm Peyizan Gresye
Chery Silencia ……………………………………….POPNO
Francise Thélon…………………………………Regwoupman Fanm Peyizan Klèerez
Adeline Jean…………………………………………….. MPP
Chimène Suprême…………………………….Regwoupman Fanm Peyizan Chèn Mate
Gracita Osias………………………………… Sektè Fanm ITECA
Marie Vita Telcy………………………………Sektè Fanm ITECA
Idovia R.Louima……………………………...Sektè Fanm ITECA
.

vendredi 9 octobre 2009

ITECA ap ankouraje òganizasyon peyizan yo pou pwoteje tè yo











Soti 6 pou rive 8 Oktòb 2009, 2o manm òganizasyon peyizan ki soti nan komin: Gwomòn,Vèrèt, Savanèt, Akayè, Senmak, ak Gresye patisipe nan yon fòmasyon sou konsèvasyon sol. Dapre agronòm Dieugrand Jean Baptiste ki se responsab sektè teknoloji ITECA objektif fòmasyon an ,se pou ranfòse kapasite manm òganizasyon nan pwoteje anviwonman bò lakay yo.Lòt objektif fòmasyon sa a se pou aprann manm òganizasyon yo nesesite pou plante zèb pou bay bèt manje. Lè nou konsidere nan tan sechrès bèt konn pa jwenn ase manje pou yo manje ,lè konsa peyizan lage bèt pou y al chache manje pou kò yo , se lan konsa bèt manje ti pye bwa ki kòmanse pouse.Dapre agronòm Diuegrand 75 pousan tè peyi a se tè mòn, epi tou 70 pousan moun nan peyi a ap viv nan mòn kidonk gen yon gwo ijans pou nou yo pwoteje mòn yo ,si se pa sa nou nan ka. Si nou gade byen foto yo , gen yonn nan yo nap remake ki chaje ak zèb elefan ,se menm ekip peyizan sa yo ki te plante zèb sa yo kèk mwa pase.