30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

jeudi 18 mars 2010

Apre tant yo moun nan Ti Boukan resevwa 800 kit nan men Caritas ak Sipò ITECA








Semenn 2 pou rive 4 mas lan plizyè santèn moun nan Ti Boukan te byen kontan resevwa yon kit nan men Caritas ak sipò ITECA. Kit sa a gen ladan l 2 matlas ak tout dra yon pèl yon pikwa ak yon 5 galon pou bwote dlo, plis yon yon bokit ki gen plizyè istansil kizin. Distibisyon kit te fè san difikilte ak konkou volontè ki toujou bay kout men nan distribisyon ak enstalasyon tant yo.

jeudi 11 mars 2010

Soti 2 mas pou rive 11 Mas yon ekip doktè fransè ki manm SFD sou envitasyon CCFD ankolaborasyon ak ITECA konsilte 2000 noun nan Ti Boukan,











Soti 2 pou rive 12 mas yon ekip doktè fransè ki se manm yon asosyasyon ki rele SFD(Sante Fòmasyon Devlopman) sou envitasyon CCFD an kolaborasyon ak ITECA,konsilte epi bay medikaman pou plis pase 2000 moun nan Ti Boukan, Digo,Sou kafou, nan Plenn, Bazlè ak Bèlvi EchalottePeyizan nan diferan zòn sa yo kontan anpil pou bon jan sèvis doktè SFD ba yo. ITECA ak tout peyizan Ti Boukan yo voye yon gwo mèsi pou doktè SFD ak ekip CCFD a..Peyizan gen espwa doktè SFD ap retounen ankò pou kontinye bon travay sa a yo kòmanse fè a

100lane depi fanm toupatou ap selebre jounen entènasyonal fanm(8mas)


!MESAJ KOMISYON INISYATIV POU TABLI YON MOUVMAN NASYONAL FANM PEYIZAN, NAN OKAZYON SELEBRASYON 8 MAS 2010

Fanm peyizan nan 10 depatman k ap selebre 8 mas ane sa a, onè respè ak yon gwo kout chapo pou nou!

Selebrasyon 8 mas 2010 ap reyalize nan yon moman espesyal pou mouvman fanm ayisyèn anjeneral epi mouvman fanm peyizan anpatikilye. Jounen sa a espesyal akòz gwo tranbleman tè ki frape peyi Dayiti 12 janvye 2010 epi ki touye plis pase twasan mil(300.000) moun. Mouvman fanm ayisyèn nan pran gwo frap nan evenman sa a: nou pèdi plizyè dirijan konsekan nan lit fanm yo pami yo: Anne-Marie Coriolan, Magalie Marcelin, Myriam Merlet…ki batay anpil depi plis pase 25 lane pou kore lit ak revandikasyon fanm ayisyèn k ap soufri. Yo patisipe nan mete kanpe plizyè òganizasyon fanm: lavil tankou nan milye peyizan an . Ochan pou kouraj yo, anpil respè ak lonè pou nanm yo. Memwa yo pa p pèdi. L ap toujou rete ekri nan batay fanm ayisyèn ap mennen pou chanje kondisyon lavi yo.

Apre 12 janvye 2010, revandikasyon fanm yo pran plis fòs toujou. Nou fè lontan ap mande bon lekòl, bon lopital, bon sant sante, kredi pou fanm, fòmasyon pwofesyonèl ak travay pou jèn peyizan yo nan milye kote y ap viv. Tout sèvis sa yo t ap redui egzòd la. T ap gen mwens presyon sou anviwonman an, mwens moun mouri, mwens kay kraze.

Evenman 2010 la frape fanm peyizan yo anpil paske: yon bò yo pèdi pitit yo, fanmiy yo nan evenman an, yo blese, yo mouri nan Pòtoprens nan fè komès anba lavil. Sa ki rete vivan yo pèdi komès yo te genyen pou okipe pitit yo ak fanmiy yo.

Anplis tout konsekans sa yo, fanm peyizan yo kontinye ap soutni plis pase senk san mil (500.000) moun ki kite Pòtoprens pou ale nan pwovens yo . Lè nou konnen nan peyi isit, gwo chay, bay moun manje nan kay, se sou do fanm li chita, nou ka imajine, ki kalite responsabilite ki tonbe sou do fanm peyizan yo nan moman difisil sa a.

Tranbleman tè 12 janvye 2010 la rive nan mitan tout feblès, tout traka peyizan yo te deja genyen pou yo pwodui :pa gen ankadreman teknik, pa gen kredi agrikòl, pa gen wout, pa gen mache òganize,pa gen lopital… Tout bagay te toujou konsantre nan Pòtoprens, Leta ayisyen pa janm fè jefò pou eksplwate potansyalite ki egziste nan milye peyizan an pou kreye travay. Sa lakòz ekzòd riral ak degradasyon jeneral anviwonman an toupatou nan peyi a.

Nan moman gwo trajedi sa a Leta pa menm ka fè premye pa pou pote konkou bay moun ki viktim. Leta tèlman fèb se lòt peyi ki vin mete kiyè nan bouch li. Men peyizan yo te kanpe djanm. Depi nan mèkredi 13 janvye mache Kwa Bosal te chaje ak tout kalite manje ki soti tout kote.

Pandan tout sektè nan lavi nasyonal la ap konte kantite èd kominote entènasyonal la ap bay, tout moun bliye gwo kokenn chenn kontribisyon peyizan toupatou ap bay sou plas nan akeyi moun ki tounen : moun blese, malad, gaya, timoun kou granmou, nan ba yo manje, la swenyay epi biye yo.

A kote tout sa n ap souliye manje ki soti lakay peyizan yo ki antre nan mache nan Pòtoprens. N ap souliye tou òganizasyon peyizan ki voye manje nan Pòtoprens pou fè solidarite ak viktim yo: òganizasyon RAKPABA nan Latibonit,peyizan Gwomòn, voye diri, mayi, pitimi ak viv. Oganizasyon peyizan ak rès popilasyon nan plenn Abram nan depatman Nip voye diri ak pitimi, pwa, tomat, Fanm Tèt Kole nan Nòdwès voye mayi pitimi. Se FHIDES ki te kowòdone èd sa yo.TK nan Nòdwès bay ekip ki t ap òganize vwayaj nan vil Pòdepè (15.000 goud) pou chèche viktim nan Pòtoprens. Nou felisite òganizasyon sa yo epi nou di yo kouraj! Sa montre solidarite nan mitan pèp ayisyen an pa kraze malgre tout sa ki fèt pou detwi l. Nou pa rive evalye an total montan tout kontribisyon peyizan yo. Men, chay uit(8) depatman ki pa afekte yo plis dyaspora a pote nan katastwòf sa a, depase sa kominote entènasyonal la ap bay.

Nou felisite atis ayisyen ak etranje, fout bolè,anpil lòt gwoup ki fè gwo mobilizasyon nan kad solidarite ak pèp Ayisyen.

Menm si gen gwo pale k ap fèt sou èd kominote entènasyonal la , sa popilasyon an dwe konnen, pifò èd sa yo retounen nan men yo, paske se tèt yo y ape de sou do Ayiti : elikoptè, avyon k ap vole, gwo machin k ap woule, militè, ekspè k ap touche milyon, kad k ap touche gwo pèdiyèm, ak tout kalite teknisyen, tout se nan èd la yo soti. Lòt kote moun ki kanpe nan lari pou resevwa èd yo ki gen rasin nan milye peyizan an , sibi anpil imilyasyon nan men militè k ap distribye manje yo : militè meriken amize yo fè pèp la goumen nan lari , pou yo ka voye move imaj nan laprès entènasyonal sou peyi a. Alòske gen lòt fason yo te ka òganize l pou popilasyon an resevwa èd la nan diyite.

Lè nou konsidere pi gwo fòs peyi a chita nan milye peyizan, se pa kalite trètman sa a peyizan yo merite. Nan kad konstriksyon peyi a nou mande Leta ayisyen pou l:

Envesti nan milye peyizan nan domèn pwodiksyon animal, vejetal ak lapèch òganize(akwakilti ak pisikilti) pou remonte ekonomi peyizan yo k ap pote pwodiksyon nasyonal la.
Dekrete yon plan ijans nasyonal pou repare ak pwoteje anviwonman an.
Tabli yon pwogram kredi entegre pou kore fanm peyizan k ap pwodui yo epi k ap fè komès
Mete kanpe bank entran, angrè, semans.
Eksplwate resous ak richès ki genyen nan milye peyizan yo pou kreye travay.

N ap site kèk sous kreyasyon travay ki egziste nan peyizanri a pou anpil peyizan, fanm kou gason sitou jèn yo jwenn travay pou yo viv tankou tout moun san yo pa bezwen vin pran imilyasyon nan bidon vil nan Pòtoprens ak nan gran vil yo:

Nan domèn agrikilti elvaj ak lapèch : anpil kad wo nivo ak jèn peyizan ki gen eksperyans nan domèn sa yo ap jwenn travay….
Nan domèn irigasyon, konstriksyon wout ak konstriksyon kay: kad tankou enjenyè sivil ak enjenyè riral ap jwenn travay. Jèn peyizan ki gen eksperyans nan domèn sa yo ap kapab travay nan kominote yo.
Nan domèn komès peyizan yo bezwen ekonomis ak teknisyen maketin pou ede yo òganize komès la pi byen, prezante pwodui yo, kontwole tan yo ak lajan yo envesti, kalkile pwofi yo…
Nan domèn endistri peyizan yo bezwen espesyalis pou ede yo transfòme pwodui k ap gaspiye yo epi pèmèt lòt zòn nan peyi a benefisye avantaj pwodui sa yo.
Nan domèn anviwonman: peyizanri a bezwen bon jan ajan forestye ak teknisyen ki pa nan koripsyon ki pou patisipe nan rebati ak pwoteje anviwonman an nan tout peyi a.
Nan domèn atizana: peyizan yo bezwen teknisyen pou aprann yo finalize pwodui yo epi mete yo sou mache nasyonal ak entènasyonal.
Nan domèn sante ak nitrisyon: peyizanri a bezwen medsen, enfimyè, ajan sante, nitrisyonis, famasyen ak natiris ki pou valorize plant medisinal yo, sekouris, sikològ elatriye.
Nan domèn sekirite peyizanri a bezwen polis ki konsyan k ap defann peyizan yo san koripsyon kont vòlè, malfektè ak kadejakè…
Nan domèn jistis: peyizanri a bezwen bon jan jij pou ba yo bon jan jistis sosyal, regle konfli tè, konbat krim ak vyòl.
Nan domèn eta sivil: peyizanri a bezwen bonjan biwo ak ofisye eta sivil fòme ki konsyan ki pa nan magouy pou bay peyizan yo bon jan papye idantifikasyon.
Nan domèn lwazi: peyizanri a bezwen reprezantan jenès espò ak kominikasyon ak travayè sosyal konsa jèn nou yo ap gen distraksyon konsa anpil strès ak fristrasyon ap elimine.
Nan nivo edikasyon: peyizanri a bezwen bon nòmalyen ak nòmalyèn pou bay pitit peyizan yo bon jan fòmasyon patriyotik, fòmasyon k ap entegre lavi peyizan yo, lavi nasyonal la epi fè ouvèti sou lemond antye.

Se kèk ekzanp nou pran pou idantifye tout posibilite kreyasyon travay ki egziste nan milye peyizan an. Men pou jèn peyizan yo rive mete konpetans yo nan sèvis kominote yo, yo bezwen gen bon jan fòmasyon klasik, teknik ak pwofesyonèl wo nivo pou pèmèt yo devlope potansyalite ki egziste nan yo menm epi valorize talan yo.

Fwa sa a fòk Leta pran responsabilite li pou konstwi milye peyizan an epi konstwi nasyon an tout bon vre.

VIV YON MOUVMAN FANM PEYIZAN K AP POTE KOLE NAN BATAY POU NOU RIVE GEN YON LETA RESPONSAB !