30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

lundi 27 septembre 2010

Pwojè konstriksyon kay pou moun Ti Boukan ap vanse





Jan nou wè l sou foto yo pwojè konstriksyon kay Ti Boukan yo ap vanse. Pwojè konstriksyon sa a se yon inisyativ ITECA ki jwenn bourad Caritas Suisse ak Dévloppement et Paix.Jou samdi 25 sektanm nan, reprezantan ITECA, Caritas, ak Développement et Paix te fè yon chita tande pou gade ansanm modèl kay ki konstwi nan lakou ITECA a .Chita tande sa a te fèt nan objektif pou fè remak ak obsèvasyon nan sans pou korije sak merite korije pou pwojè vanse byen epi pi vit.
Antouka nap fè tou sa nou kapab pou konstriksyon premye kay yo kòmanse nan mwa oktòb la.Yon nan pi gwo difikilte ki anpeche nou kòmanse se rezilta analiz echantiyon sab benefisyè yo nou voye nan laboratwa nasyonal, ak kèk lòt fòmalite.
Padan tout mwa sektanm nan benefisyè 100 premye kay yo toujou pase gade kay yo pou chwazi ki modèl yo pi renmen. Nap fè nou sonje moun yo gen pou chawzi pami 4 modèl: 2 modèl an blòk yon kare ak yon rektang, 2 modèl an wòch yon kare ak yon rektang.
Pou bon dewoulman pwojè a benefisyè 100 premye kay yo òganize yo an 10 gwoup ,chak gwoup chwazi 3 delege an rankont kap fèt ak ITECA . Rankont sa yo fèt chak semenn, rankont yo fèt nan objektif pou pataje enfòmasyon ak benefisyè sou avansman pwojè a,epi planifye diferan aktivite ki gen pou fèt yo. Nan semenn kap vini an nou sèten tou lè 4 modèl kay nan lakou ITECA yo ap fini.
Nou espere nan fen lane a premye seri 100 benefisyè yo ap gen chans pou dòmi nan bèl kay tounèf yo.

dimanche 12 septembre 2010

ITECA kòmanse yon eksperyans elvaj vètè(lonbrikti)











Depi kèk mwa ITECA kòmanse yon eksperyans lonbrikilti nan fèm Ti Boukan an. Ki sa lonbrikilti a ye ( elvaj vètè )?Lonbrikilti se lè ou chwazi mete ansanm yon kantite vètè nan yon espas byen kontwole nan objektif pou transfòme dechè kwizin ak kaka bèt pou fè yo tounen konpòs ak angrè òganik.
Nan fèm ITECA nou te kòmanse ak kèk grenn vètè yon zami te pote pou nou, apre yon lane vètè yo te rive ogmnate anpil epi transfòme kaka lapen, kaka kabrit yo ak dechè kwizin an yon bon valè konpòs ak angrè. ITECA kwè elvaj vètè se yon aktivite ki merite simaye nan milye peyizan pou yon ka kòmanse abitye sèvi ak konpòs ak angrè natirèl san yo pa bezwen al achte byen chè agrè chimik.

Apre abri pwovizwa ITECA ak bourad Caritas Swis ak Devlopman ak Lapè ap vanse nan pwojè bati kay pou moun Ti Boukan












Depi nan fen mwa Jiyè ITECA kòmanse met men nan pwojè konstwi kay pou moun Ti Boukan.Ki objektif pwojè sa ? Objektif pwojè sa a se ede moun Ti Boukan rekonstwi kay yo apre terib tranblemantè 12 janvye 2010 a.Nap fè nou sonje tou swit apre 12 janvye ITECA ak konkou Caritas te distribiye plis pase 3000 tant ak kit bay moun Ti Boukan, kòm nou konnen apre plizyè mwa anba lapli ak solèy tant yo fin paka kenbe ankò. Se poutèt sa ITECA te wè nesesite pou ede moun Ti Boukan rekonstwi kay yo. Nan sans sa ITECA al chache bourad nan men diferan patnè li konn abitye kolabore avèl, se konsa li fè demach bò kote Caritas Swis pou ede l reyalize bèl pwojè sa a.Ki sa pwojè a ye ? Nan pwojè ITECA gen pou konstwi pou kòmanse 1700 kay ak bourad Caritas Swis,kay sa yo ap mezire 36 mèt kare,yap kouvri an tòl, genyen kap fèt ak blòk genyen kap fèt ak wòch.Bènefisyè yo gen pou yo bay kòm kontibisyon tout materyo lokal yo tankou sab,wòch, dlo ak fòs kouraj yo ITECA ak konkou Caritas ak Devlopman ak Lapè ap bay rès materyo ki nesesè yo.Pou kòmanse pwojè ap derape ak 100 kay kidonk 10 kay nan 10 lokalite epi gen 4 modèl kay kap konstwi nan lakou ITECA a nan objektif pou benefisyè yo ka chwazi modèl kay yo pi pito. Pwojè sa a ap fèt nan kolaborasyon ak regwoupman òganizasyon ki nan zòn nan. Se òganizasyon nan kominote a ki chwazi bènefisyè yo. Jiska prezan pwojè a ap byen mache nou espere lòt lane konsa peyizan Ti Boukan ap gen yon bon kay pou yo rete.