30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

dimanche 20 novembre 2011

Pwojè rekonstriksyon kay nan Ti Boukan ap vale teren.






Pwojè rekonstriksyon kay nan Ti Boukan ap vanse tout bon. Depi nan fen mwa Oktòb la gen plizyè kay nan lokalite Fonma ak Ti Ginen ki kòmanse kouvri , benefisyè yo kontan anpil pou jan travay yo ap mache. Sou 100 kay ITECA gen poul konstwi en kolaborasyon ak Caritas Suisse gen plis pase 70 ki fin pare pou resevwa twati. Se sitou nan lokalite kote kamyon pako ka rive gen 30 kay ki pako pare, anplis de difikilte wout la gen lapli ki bay anpil pwoblèm nan transpò materyo pou rive kote nap konstwi kay yo . Pou rezoud pwopblèm transpò sa nou te oblije itilize bèt tankou milèt ak cheval. Nou espere ak kanpo sezon lapli a bay depi kèk jou transpò materyo yo ap vin pi fasil. Nou sèten tou anvan lane a fini tout kay ap gen tan fini pou tout 100 benefisyè gentan rantre nan kay yo avan 12 janvye 2012 ak kè kontan.

Ekip medsen SFD(Sante Fòmasyon Devlopman) yo kontinye fòmasyon pou ajan sante ,pwomotè ak matwòn nan Ti Boukan ak kolaborasyon ITECA.












Soti 31 Oktòb pou rive 11 Novanm ekip SFD a retounen pou nan Ti Boukan pou kontinye pwogram fòmasyon pou ajansante,pwomotè, ak matwòn yo Pandan sesyon sa a fòmatè SFD yo anplis de tèm tankou alètman, dyare, maladi po, medsen yo te travay ak patisipan yo sitou sou enpòtans vaksinasyon . Poukisa paske yo te konstate anpil ti moun nan Ti Boukan pa gen kanè vaksinasyon.Se pou rezon sa a yo prepare yon fòmilè pou pwomotè yo reyalize yon ankèt sou kesyon vaksinasyon an. Kòm nou abitye fèl ekip SFD a fè plizyè klinik mobil nan 4 lokalite sa yo : Laflè, Nakou, Madotan, ak Nan Goula. Nan chak klinik sa yo medsen SFD yo konsilte pou piti 80 epi moun yo te jwenn medikamen gratis.Moun Ti Boukan ak ITECA voye yon gwo kout chapo pou tout ekip SFD a pou bon jan travay sa a yap fè nan zòn nan depi kèk tan.