30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

dimanche 22 mai 2011

Powjè ITECA ak CGF nan Ti Boukan Gresye ap vanse







Pwojè ITECA ak CGF la ap vanse . Ki sa pwojè sa ye? Se yon pwojè ITECA te pwopoze CGF pou ede 500 jèn 300 fanm ak 200 gason jwenn yo chak 14 poul ak 2 kòk. Avan jèn sa yo benefisye poul sa yo pran 2 modil fòmasyon, yonn sou sante animal ak yonn lòt sou jesyon. Pou konye a modil fòmasyon yo prèske fini, depi kèk jou ekip ITECA kòmanse livre poul pou kèk benefisyè. Benefisyè sa yo te deja resevwa materyèl pou konstwi kalòj pou poul yo, epi kèk jou apre yo te vin resevwa manje pou poul yo.Depi kèk jou gen benefisyè ki kòmanse resevwa poul yo. Ekip ITECA te deplase depi granm maten nan plizyè lokalite pou distribiye poul yo bay benefisyè yo. Koulye a benefisyè ap pran swen poul yo pou yo ka grandi pi vit ak pou yo pa malad. Lè poul sa yo ponn benefisyè yo ap vin mennen poul nan ITECA pou yo kale ze yo nan yo enkibatè ki adizpozisyon yo. Ekip ITECA espere pwojè sa ap pèmèt ogmante pwodiksyon ze ak poul nan kominote a, epi kreye yo aktivite pou fè kòb pou jèn nan lokalite a.

mercredi 18 mai 2011

Pwojè konstriksyon kay ITECA ak Caritas Swis nan Ti Boukan ap vanse








Depi kèk tan ITECA an kolaborasyon ak Caritas Swiss ak plizyè lot patnè kòmanse yon gwo pwojè pou konstwi 1700 kay nan Ti Boukan. Kay sa yo se kay ki mezire 36 mèt kare genyen kap fèt an blòk genyen kap fèt an wòch. Ekip ITECA ak Caritas Swiss kòmanse ak yon faz pilòt ak 100 kay nan 10 lokalite. Nan kòmansman faz pilòt sa a nou te rankontre anpil difikilte, pi gwo pwoblèm nou te rankontre se pwoblèm wout pou transpòte materyo pou rive sou chantye yo. Fò nou konnen nan zòn kote nap konstwi kay yo wout pou kamyon pat egziste ditou.Pou nou te reyisi trase wout pou kamyon yo transpòte materyo se peyizan yo ki te travay sou wout ak pèl ak pikwa ak pik.Peyizan te oblije fòme yon komite pou fè demach bò kote otorite nan komin pou yo te ka jwenn bourad nan travay wout. Se nan fè diferan demach sa yo direksyon ITECA te rankontre ak ekip CNE ki te mete yon brigad teknisyen pou pèse kèk wout nan plizyè zòn.Nap souliye CNE se yon enstitisyon leta ki travay nan zafè wout. Akòz kout men CNE a plizyè wout rive pèse epi kamyon kòmanse pote materyo pou travay yo vanse. Peyizan yo kontan anpil pou bon travay ki fèt sou wout la .Jiska prezan travay sou wout la pako fini gen plizyè zòn kamyon yo pako ka rive, men ekip ITECA a ap travay sou dosye a.