30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

lundi 29 juin 2009

kòmansman yon eksperyans elvaj vètè sou fèm ITECA a




Depi 2 mwa Wilfredo Cepero yon kowoperan Kiben ki ap bay kout men nan sektè teknoloji ITECA kòmanse prepare yon espas pou fè elvaj vètè sou fèm nan.Objektif eksperyans sa a,se montre òganizasyon peyizan wòl ak enpòtans vètè jwe nan agrikilti ak nan elvaj. Daprè Wilfredo vètè yo anrichi tè a anpil epi yo se yon gwo sous pwoteyin pou bèt menm pou moun tou. Elvaj vètè a pa twò difisil ,se sèlman ak kaka bèt ak konpòs plis yon kantite vètè ou bezwen pou kòmanse elvaj la.

vendredi 26 juin 2009

Ekspozisyon pwodui agrikol ak atizanal alokazyon fèt patwonal Gresye (Sen Jan Batis 24 jen )






















Nan okazyon fèt patwonal Gresye ki selebre chak 24 jen Cham komès ak metye Gresye òganize yon ekspozizyon pwodui agrikòl ak atizanal. Plizyè atizan te ekspoze pwodiksyon yo padan 2 jou nan lakou ansyen legliz Sen Jan Batis Gresye a kote anpil moun te vizite ekspozisyon an. ITECA te prezante plizyè pwodui nan ekspozisyon an tankou plantil mango , zaboka , palmis, chokola , nat, kalbas dekore , ze.Dapre Pierre Ladouceur objektif ekspozisyon sa a se pou kreye yon espas pou fè pwomosyon zèv atizan nan komin nan epi ankouraje pwodiktè agrikòl yo . Nan espas kote ekspozisyon ta deroule a ki se yon ansyen legliz katolik anpil peleren te pwofite vin fè demand nan pye Sen Jan Batis. Katolik kou vodouyizan te anvayi Sen Jan Batis , anpil peleren te vin distribiye manje bay pòv yo kòm kwa pou remesye Sen Jan Batis pou sa li te fè pou yo.Plizyè hougan te pwofite enstale yo bò legliz la pou travay pou kliyan ki vle.

vendredi 19 juin 2009

2000 poul fèk rive sou fèm ITECA a
















Soti 15 pou rive 17 jen 2009 Iteca vin genyen 2000 poul anplis pou ogmante pwodiksyon ze nan peyi a. Poul sa yo rive nan yon poulaye tounèf ki pi modèn pase sa ki te la avan yo

lundi 15 juin 2009

Fòmasyon sou pak kabrit ak manje Bèt nan Vèrèt























































Soti 8 jen pou rive 9 Jen 2009Ssektè teknoloji ITECA a òganize yon fòmasyon pou manm regwoupman òganizasyon peyizanVèrèt yo .Fòmasyon sa a fèt sou :pak kabrit ak manje kabrit.Fòmasyon sa a òganize nan objektif pou ranfòse kapasite pwodiksyon peyizan nan domèn pwodiksyo animal. Ekip teknoloji a reflechi ak peyizan yo pandan 2 jou sou : diferan ras kabrit ki egziste ras ki bay plis vyannn ak ras ki bay plis lèt, pwoblèm kwazman kabrit menm fanmiy konn bay, yo reflechi tou sou manje kabrit ,ki kalite manje ki bi bon pou kabrit , ak nesesite pou peyizan aprann plante manje pou kabrit yo . Ekip teknoloji reflechi tou kijan pou peyizan pran swen k
abrit yo epi kontwole ak prezisyon lè kabrit merite kwoze ak lè yo gen pou mizba. Ekip teknolji pwofite vizite epi evalye ansanm ak peyizan yo yon pak kabrit yon peyizan nan zòn genyen pou gade ki j meyè fason pou konstwi yon pak.Apre fòmasyon chak patisipan resevwa yon kantite semans zèb pou al palnte bò lakay yo , nan objektif pou kòmanse montre lòt peyizan yo enpòtans ak nesesite pou plante zèb pou kabrit yo .Nou te rankontre Anri yon peyizan ki se yon peyizan modèl. Anri gen yon lakou ki mezire 60 mèt kare men lan lakou sa li gen 2 basen pwason , li gen yon bak kabrit , li 3 pye mango fransik , li pgen pye kafe,li gen pye kakawo,li plante kann ,li plante pwa ak mayi epi li plante zèb pou kabrit li yo. Ekip teknoloji a felisite Anri pou bon travay l ap fè nan kominote Dofine.

vendredi 5 juin 2009

Divès òganizasyon peyizan reyini nan ITECA pou reflechi sou nesesite mete kanpe yon regwoupman







Soti premye 1 pou rive 2 Jen 2009 ITECA reyalize 2 jounnen travay ak Regoupman òganizasyon ki chita nan 5 komin nan 3 depatman kote li fè entèvansyon. Nan premye jounen refleksyon delege òganizasyon yo chita sou analiz reyalite zòn kote rewoupman yo tabli .Nan dezyèm jounen an yo reflechi sou chapant regwoupman yo ak aksyon yo deside menen epi nan ki mwa ki dat aksyon sa yo ap reyalize. Chak regwoupman nan chak komin Fanm apa miks apa al travay nan ti ekip pou jwenn pwoblèm ki gwav nan koninote yo .



Men diferan pwoblèm chak konin jwenn:Pou koni Sen Mak se pwoblèm tè a ki pi grav pou yo.Pou komin Savanèt se pwblèm Batistè , Vyolans sou Fanm ,kadejak ki pi gwo pwoblèm pou yo. Pou komin Akayè se pwoblèm Ewozyon al lasante ki pi gwo pwoblèm pou yo.Pou koni Gwomòn se gaspiyay fwi ak anpil ti òganizasyon ki gaye ki pi gwo pwoblèm pou yo. Pou koni Vèrèt se kout ponya ak elvaj lib ki pi gwo pwoblèm pou yo .Apre òganizasyon vin reflechi sou pwoblèm nan tèt ansanm komin pa komin yo chwazi ki solisyon yon jwenn pou pwoblèm sa yo .






yon poulaye tounèf nan Fèm ITECA










Iteca fèk fini ak kontriksyon yon poulaye tout nèf,poulaye sa a pral gen ladan l 2000 poul ki pou pwodui 1900 ze pa jou. Poulaye sa pral ogmante kapasite pwodiksyon fèm ITECA.Inisyativ sa a rantre nan pèspektiv pou ICTECA vin granmountèt dejouranjou.