30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

lundi 27 juin 2011

ITECA ak SFD ap kontinye ak seri fomasyon pou pwomotè matronn ak ajan sante











Soti Lendi 10 pou rire 24 jen 8 pwomotè 7 Ajan sante ak 4 matròn patisipe nan yon dezyèm sesyon fòmasyon SFD ap anime. Padan 2 semèn sa yo ekip SFD a ki gen ladanl 2 jinekolog, 2 generalis 2 enfimyè ak yon lojistisyèn travay ak estajyè yo sou tèm gwosès ak planing.Jan sa abitye fèt sesyon an te divize an 2 pati yon pati teyorik ak yon pati pratik. Pati teyorik la fèt nan sant ITECA a epi kote pratik fèt sou fòm klinik mobil kote estajyè yo tou pwofite aprann metrize ki jan yo pran tansyon ak tanperati malad yo epi panse moun ki gen blesi. Nan klinik mobil sa yo ekip SFD a tou pwofite bay popilasyon an Ti Boukan swen sante ak medikaman.Nan sesyon sa a ekip ITECA ak SFD te fè klinik mobil nan 3 lokalite :Nan Elèv, Koray Obri, ak Belvue. Nan klinik mobil sa yo ekip SFD a konsilte plis pase 160 malad sitou fanm ak ti moun.Padan klinik mobil yo tap fèt pwomotè yo te gaye ozanviwon kote kilnik yo ap dewoule pou motive moun yo sou nesesite lave men yo avan yo manje,pou pran fè twalèt lakay yo ,pou netwaye sous dlo ak fontèn yo. Menm apre ekip SFD yo ale pwomotè yo gen pou kontinye fè travay sansibilizasyon nan mitan popilasyon an. Pou klotire dezyèm sesyon an estajyè yo te òganize yon sware kiltirèl pou remèsye epi pou di ekip FSD a arevwa

dimanche 22 mai 2011

Powjè ITECA ak CGF nan Ti Boukan Gresye ap vanse







Pwojè ITECA ak CGF la ap vanse . Ki sa pwojè sa ye? Se yon pwojè ITECA te pwopoze CGF pou ede 500 jèn 300 fanm ak 200 gason jwenn yo chak 14 poul ak 2 kòk. Avan jèn sa yo benefisye poul sa yo pran 2 modil fòmasyon, yonn sou sante animal ak yonn lòt sou jesyon. Pou konye a modil fòmasyon yo prèske fini, depi kèk jou ekip ITECA kòmanse livre poul pou kèk benefisyè. Benefisyè sa yo te deja resevwa materyèl pou konstwi kalòj pou poul yo, epi kèk jou apre yo te vin resevwa manje pou poul yo.Depi kèk jou gen benefisyè ki kòmanse resevwa poul yo. Ekip ITECA te deplase depi granm maten nan plizyè lokalite pou distribiye poul yo bay benefisyè yo. Koulye a benefisyè ap pran swen poul yo pou yo ka grandi pi vit ak pou yo pa malad. Lè poul sa yo ponn benefisyè yo ap vin mennen poul nan ITECA pou yo kale ze yo nan yo enkibatè ki adizpozisyon yo. Ekip ITECA espere pwojè sa ap pèmèt ogmante pwodiksyon ze ak poul nan kominote a, epi kreye yo aktivite pou fè kòb pou jèn nan lokalite a.

mercredi 18 mai 2011

Pwojè konstriksyon kay ITECA ak Caritas Swis nan Ti Boukan ap vanse








Depi kèk tan ITECA an kolaborasyon ak Caritas Swiss ak plizyè lot patnè kòmanse yon gwo pwojè pou konstwi 1700 kay nan Ti Boukan. Kay sa yo se kay ki mezire 36 mèt kare genyen kap fèt an blòk genyen kap fèt an wòch. Ekip ITECA ak Caritas Swiss kòmanse ak yon faz pilòt ak 100 kay nan 10 lokalite. Nan kòmansman faz pilòt sa a nou te rankontre anpil difikilte, pi gwo pwoblèm nou te rankontre se pwoblèm wout pou transpòte materyo pou rive sou chantye yo. Fò nou konnen nan zòn kote nap konstwi kay yo wout pou kamyon pat egziste ditou.Pou nou te reyisi trase wout pou kamyon yo transpòte materyo se peyizan yo ki te travay sou wout ak pèl ak pikwa ak pik.Peyizan te oblije fòme yon komite pou fè demach bò kote otorite nan komin pou yo te ka jwenn bourad nan travay wout. Se nan fè diferan demach sa yo direksyon ITECA te rankontre ak ekip CNE ki te mete yon brigad teknisyen pou pèse kèk wout nan plizyè zòn.Nap souliye CNE se yon enstitisyon leta ki travay nan zafè wout. Akòz kout men CNE a plizyè wout rive pèse epi kamyon kòmanse pote materyo pou travay yo vanse. Peyizan yo kontan anpil pou bon travay ki fèt sou wout la .Jiska prezan travay sou wout la pako fini gen plizyè zòn kamyon yo pako ka rive, men ekip ITECA a ap travay sou dosye a.

dimanche 13 février 2011

ITECA an kolaborasyon Caritas Suisse ap mennen kanpay sansibilizasyon kont kolera nan Ti Boukan








Depi nan mwa desanm 2010 ITECA an kolaborasyon ak Caritas Suisse kòmanse yon kanpay sansibilizasyon kont maladi kolera nan Ti Boukan. Objektif kanpay sa a se pou sansibilize popilasyon Ti Boukan sou nesesite pou yo pran tout kalite prekosyon pou yo pwoteje tèt yo kont kolera.Menm jan ak lòt kote nan peyi a kolera te kòmanse vale teren nan Ti Boukan plizyè moun te kòmanse malad.Devan sitiyasyon sa a ITECA ak Caritas Suisse te wè nesesite pou lage yon koukouwouj dèyè kolera nan Ti Boukan. Pou nou te byen reyalize kanpay sa a nou te kòmanse pa òganize yon 2 rankont ak yon jounen fòmasyon pou 30 pwomotè sante ki soti nan 54 lokalite nan seksyon Ti Boukan. Se yon fòmatè Medsen San Fwontyè kite vin anime sesyon fòmasyon sa a. Apre pwomotè yo te fin pran fòmasyon yo te mache nan tout 54 lokalite ak megafòn pou sansibilize moun yo sou ki kalite prekosyon pou yo pran pou yo pa trape maladi kolera a. Pwomotè yo te fè sansibilizasyon sa padan 15 jou ak 4 enfimyè. Padan kanpay la pwomotè te pwofite distribiye savon pou fanmy yo ak nan lekòl nan 54 lokalite yo ak la. Pwomotè yo te kole epi distribiye afich sansibilizasyon kont kolera tou. Pou anpeche moun ki trape kolera desann jis nan Bouk Gresye vin pran swen Medsen San Fwontyè mete yon sant premye swen nan Ti Boukan epi gen 9 pwomotè ki resevwa kit pou reyidrate moun ki trape kolera.

dimanche 16 janvier 2011

12 janvye 2011 ITECA ak sip CARITAS SUISSE lanse pwojè konstriksyon 1700 kay nan seksyon Ti Boukan nan Gresye.









Jou ki te 12 janvye 2011 lan plis pase 700 moun patisipe nan yon seremoni pou lanse pwojè konstriksyon 1700 kay nan Ti Boukan.Objektif seremoni sa a se te pou make dat 12 janvye 2010 la epi anmenm tan lanse pwojè a. Nan seremoni sa nou te kòmanse ak im nasyonal peyi a, aprè te gen chaje pwogam ITECA a ki te bay ki sa ki te gen nan pwogram nan. Nan pwogram nan te gen direktè ITECA a ki te fè yon rale sou 12 janvye 2010 konsekans li sou peyi ak sou Ti Boukan, li te pale tou responsabilite leta nan katastwòf sa a ak ki jan ITECA te akonpaye moun nan Ti Boukan epi ki wòl òganizasyon ap genyen pou yo jwe nan rekonstriksyon peyi a. Gen reprezantan Caritas Suisse ki te pran lapawòl tou, gen reprazantan 100 benefisyè yo, reprezantan diferan regwoupman ITECA ap akonpaye yo, reprezantan otorite lokal yo, depite, majistra ak kazèk nan komin nan. Men pi gwo aktivite a nan pwogram nan se te konkou chante ak 100 benefisyè yo ki pral abite nan kay yo. Objektif konkou sa a se te pou devlope talan atistik peyizan yo epi mobilize benefisyè yo pandan yap travay sou chantye yo. Padan pwogam sa a lakou ITECA te chofe anpil tout 10 gwoup yo te mete gwo animasyon sou estand nan. Men ki rezilta manm jiri yo te bay: gwoup Fonma ki te pran premye pri a, gwoup Ti Ginnen te pran dezyèm pri a ak gwoup Nan Elèv ki te pran twazyèm pri a. Nap raple pou tou zanmi nou yo depi avan lansman pwojè ekip enjenyè ITECA yo deja kòmanse trase 8 kay epi benefisyè yo kòmanse fouye fondasyon kay yo. Nou espere nan 3 mwa premye seri kay sa yo ap gen tan fini pou benefisyè yo rantre ak kè kontan nan kay yo .