30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

vendredi 2 octobre 2009

ITECA ogmante konesans kapasite 23 ajan veterinè
















Pandan yon semèn 23 ajan veterinè ki soti nan komin Granbwa, Savanèt , Bèladè, Gwomòn , Vèrèt , Akayè te vin patisipe nan sesyon ratrapaj nan kesyon sante bèt. Gen nan Ajan veterinè sa yo se ITECA ki fòme yo gen lòt se lòt enstitisyon ki fòme yo , men preske tout te patisipe lan kanpay vaksinasyon ITECA te òganize nan lane 2008 la. Objektif aktivite sa se pou ogmante konesans ak kapasite ajan sa yo pou yo ka bay peyizan yo pi bon sèvis, epi tou pou fè pwomosyon yon lòt kalite elvaj nan milye peyizan. Nan fòmasyon ekip teknoloji ITECA a te prepare yo te travay ak ajan sou diferan tèm tankou :virus, bakteri, parasit kap atake bèt yo, yo pale sou maladi Teshen kap touye anpil kochon nan peyi. Apre tavay teyorik yo ajan te monte nan mòn Ti Boukan pou al fè yon klinik mobil kote yo te al pratik ,peyizan nan lokalite a te tou pwofite trete bèt yo genyen ki malad.Nap fè wè sou blog la kote doktè Wilfredo te opere yon bourik ki te gen yon timè nan kou li. Mètrès bourik la te kontan anpil apre operasyon sa a. Apre sesyon fòmasyon sa ajan yo te tout pwofite achte plizyè kalite medikaman nan famasi ITECA genyen nan Sant Ti Boukan. Ekip teknololji ITECA an kolaborasyon ak Regpoupman òganizasyon ki nan 4 komin Gwomòn, Savanèt, Vèrè, ak Akayè mete kanpe yon famasi medikaman bèt nan 4 komin sa yo .Famasi sa yo la pou fasilite peyizan yo ,ajan yo tou jwenn medikaman pi pre yo ,epi nan yo pi bon pri .

vendredi 25 septembre 2009

Lapen yo rive




Depi 2 semèn fèm ITECA gen plizyè lapen ki vin ajoute sou lòt bèt ki sou fèm nan. Avan lapen yo te rive lan fèm nan ekip ITECA te byen pare pou paske ekip la te plante anpuil zèb elefan pou yo . Fòk nou di lapen se yon bèt ki repwodui rapid , yon lapen kafè 6 pòte nan yon lane. Lè nou konsidere kijan vyann chè nan peyi a , lè nou konsidere ki jan vyann pèpè tankou: kwis poul , zèl kodenn , zòrèy kochon,fin anvayi peyi a , nou panse fè pwomosyon elevaj lapen nan milye peyizan yo ka pèmèt yo ogmante pwodiksyon vyann nan peyi a. Nan monan kote maladi teshenn ( Ren Kase ) ap detwi anpil kochon nan peyi a, ankouraje altènativ elvaj lapen an se yon inityativ pou leta dwe ankouraje.

vendredi 10 juillet 2009

Koperativ mango nan Gwomòn
























Apre 2 lane travay, pwodiktè mango nan Gwomòn rive ak konkou ITECA mete kanpe yon koperativ mango ki rele (KOPKOMFG)koperativ pwodiksyon ak komèsyalizasyon mango fransik Gwomòn.Peyizan Gwomòm yo te monte koperativ sa a pou pwodui epi vann mango yo nan pi bon kondisyon.

Komin Gwomòn se yonn nan komin ki bay plis mango fransik nan peyi a. Se yon komin nan depatman Latibonit,li mezire 415 .78 kilomèt kare e li gen 96.100 moun k ap viv ladan l. Mango fransik se yonn nan pi gwo pwodiksyon peyizan Gwomòn , men se pa peyizan yo ki jwenn plis benefis nan komès mango fransik la, se sitou ekspòtatè ak lòt entèmedyè yo ki plis jwenn benefis nan komès sa a.

Gen peyizan ki fè nou konnen voltijè yo konn achte 18 mango nan men yo pou yon douzèn. Se yonn nan rezon ki fè plizyè peyizan Gwomòn apre anpil refleksyon te deside mete kanpe yon koperativ pou yo ka jwenn plis avantaj nan komès mango fransik la.Pou koulye a koperativ la nan yon bon pwen , yo menm kòmanse konstwi sant kondisyonman pou prepare epi vann mango. Peyizan Gwomòn konte anpil sou koperativ la pou ede yo jwenn plis kòb nan lavant mango yo. Inisyativ sa a se yon inisyativ leta ta dwe ankouraje si l ap ankouraje pwodiksyon nasyonal tout bon vre.

lundi 29 juin 2009

kòmansman yon eksperyans elvaj vètè sou fèm ITECA a




Depi 2 mwa Wilfredo Cepero yon kowoperan Kiben ki ap bay kout men nan sektè teknoloji ITECA kòmanse prepare yon espas pou fè elvaj vètè sou fèm nan.Objektif eksperyans sa a,se montre òganizasyon peyizan wòl ak enpòtans vètè jwe nan agrikilti ak nan elvaj. Daprè Wilfredo vètè yo anrichi tè a anpil epi yo se yon gwo sous pwoteyin pou bèt menm pou moun tou. Elvaj vètè a pa twò difisil ,se sèlman ak kaka bèt ak konpòs plis yon kantite vètè ou bezwen pou kòmanse elvaj la.

vendredi 26 juin 2009

Ekspozisyon pwodui agrikol ak atizanal alokazyon fèt patwonal Gresye (Sen Jan Batis 24 jen )






















Nan okazyon fèt patwonal Gresye ki selebre chak 24 jen Cham komès ak metye Gresye òganize yon ekspozizyon pwodui agrikòl ak atizanal. Plizyè atizan te ekspoze pwodiksyon yo padan 2 jou nan lakou ansyen legliz Sen Jan Batis Gresye a kote anpil moun te vizite ekspozisyon an. ITECA te prezante plizyè pwodui nan ekspozisyon an tankou plantil mango , zaboka , palmis, chokola , nat, kalbas dekore , ze.Dapre Pierre Ladouceur objektif ekspozisyon sa a se pou kreye yon espas pou fè pwomosyon zèv atizan nan komin nan epi ankouraje pwodiktè agrikòl yo . Nan espas kote ekspozisyon ta deroule a ki se yon ansyen legliz katolik anpil peleren te pwofite vin fè demand nan pye Sen Jan Batis. Katolik kou vodouyizan te anvayi Sen Jan Batis , anpil peleren te vin distribiye manje bay pòv yo kòm kwa pou remesye Sen Jan Batis pou sa li te fè pou yo.Plizyè hougan te pwofite enstale yo bò legliz la pou travay pou kliyan ki vle.

vendredi 19 juin 2009

2000 poul fèk rive sou fèm ITECA a
















Soti 15 pou rive 17 jen 2009 Iteca vin genyen 2000 poul anplis pou ogmante pwodiksyon ze nan peyi a. Poul sa yo rive nan yon poulaye tounèf ki pi modèn pase sa ki te la avan yo

lundi 15 juin 2009

Fòmasyon sou pak kabrit ak manje Bèt nan Vèrèt























































Soti 8 jen pou rive 9 Jen 2009Ssektè teknoloji ITECA a òganize yon fòmasyon pou manm regwoupman òganizasyon peyizanVèrèt yo .Fòmasyon sa a fèt sou :pak kabrit ak manje kabrit.Fòmasyon sa a òganize nan objektif pou ranfòse kapasite pwodiksyon peyizan nan domèn pwodiksyo animal. Ekip teknoloji a reflechi ak peyizan yo pandan 2 jou sou : diferan ras kabrit ki egziste ras ki bay plis vyannn ak ras ki bay plis lèt, pwoblèm kwazman kabrit menm fanmiy konn bay, yo reflechi tou sou manje kabrit ,ki kalite manje ki bi bon pou kabrit , ak nesesite pou peyizan aprann plante manje pou kabrit yo . Ekip teknoloji reflechi tou kijan pou peyizan pran swen k
abrit yo epi kontwole ak prezisyon lè kabrit merite kwoze ak lè yo gen pou mizba. Ekip teknolji pwofite vizite epi evalye ansanm ak peyizan yo yon pak kabrit yon peyizan nan zòn genyen pou gade ki j meyè fason pou konstwi yon pak.Apre fòmasyon chak patisipan resevwa yon kantite semans zèb pou al palnte bò lakay yo , nan objektif pou kòmanse montre lòt peyizan yo enpòtans ak nesesite pou plante zèb pou kabrit yo .Nou te rankontre Anri yon peyizan ki se yon peyizan modèl. Anri gen yon lakou ki mezire 60 mèt kare men lan lakou sa li gen 2 basen pwason , li gen yon bak kabrit , li 3 pye mango fransik , li pgen pye kafe,li gen pye kakawo,li plante kann ,li plante pwa ak mayi epi li plante zèb pou kabrit li yo. Ekip teknoloji a felisite Anri pou bon travay l ap fè nan kominote Dofine.