30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

dimanche 21 février 2010

ITECA ak koutmen Caritas Suisse distribiye 750 Tant bay popilasyon Ti Boukan









Soti 2 fevriye pou rive 5 fevriye 2010 lan ekip ITECA ak koutmen Caritas Suisse distribiye 750 tant bay popilasyon Ti Boukan.Pou ekip ITECA te òganize distribisyon an ,yo te mande otorite lokal yo tankou Kasek ak Asek ak òganizasyon nan zòn yo pou prepare yon lis moun ki viktim apre tranbleman tè 12 janvye a. Apre nou te fin resevwa lis moun ki viktim yo ekip ITECA te ale sou teren verifye pou konstate si moun ki nan lis sa yo egziste ak si yo viktim
Apre yon bon jan verifikasyon ekip ITECA a te voye yon konvokasyon pou evite chak benefisyè vin pran tant yo.Lè benefisyè yo ap resevwa tant yo tou siyen yon kontra ak ITECA ki di konsa : benefisyè a pa gen dwa vann tant lan menm apre li ta vin konstwi kay li.Kontra a presize tou :si benefisyè a vyole kontra a ITECA pap jan antreprann okenn lòt pwogram ak yo.Padan distribisyon an te gen reprezantan Caritas Suisse ki vin gade ki jan distribisyon tant yo ap fèt.Dapre sa nou te konstate popilasyon te satisfè jan distribisyon te fèt la.Kòm ITECA pat gen tant pou tout moun Ti Boukan, gen anpil moun ki tap plenyen se pou tèt sa ekip ITECA te òganize yon biwo doleyans pou resevwa doleyans moun ki pat resevwa tant.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire