30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

mardi 23 novembre 2010

Peyizan Ti Boukan ( Plezans) mobilize pou ranje wout nan kad pwojè konstriksyon kay ITECA ak CARITAS Suisse







Pou amelyore wout pou rive Plezans yon lokalite nan Ti Boukan plis pase 100 peyizan mobilize pou ranje wout la.Wout sa se wout ki pou mennen materyo nan kad pwojè ITECA ak CARITAS Suisse genyen pou kontswi 1700 kay pou peyizan Ti Boukan. Pou pwojè a ka byen derape ekip ITECA te pran inisyativ reyini chak vandredi ak komite ki reprezante 100 premye benefisyè ki nan eksperyans pilòt nou vle kòmanse a. Reyinyon sa yo fèt pou enfòme benefisyè yo sou ki jan pwojè a ap vanse epi pou yo konnen ki prepasyon yo gen fè pou pou pwojè a ka byen reyisi. Se nan yonn nan rankont sa yo benefisyè yo te pran desizyon pou yo kòmanse fè yon seri rasanbleman pou enfòme rès benefisyè yo sou kijan pwojè ap vanse. Kidonk se nan yonn nan rasanbleman sa yo benefisyè yo te pran desizyon pou travay sou wout la. Aktivite sa a fèt apre yon gwo rasanbleman ITECA te fèt ak benefisyè kay yo. Rasanbleman sa yo te fèt pou diskite sou diferan difikilte nou rankontre pou kòmanse pwojè a tankou:
pwoblèm wout, kalite sab ki pa reponn a kalite ministè travo biblik mande, ak lòt pwoblèm ankò tankou papye tè benefisyè a.
Ekip ITECA te monte nan mòn Plezans pou ankouraje peyizan yo epi bay yo kèk konsèy teknik.

lundi 22 novembre 2010

500 jèn benefisyè ap pran fòmasyon nan kad yon pwojè CGF ak ITECA pou kore pwodiksyon poul Gresye Ti Boukan

















Padan 3 semèn plis pase 20 jèn ap pran fòmasyon sou sante animal nan sant ITECA Ti boukan. Objektif fòmasyon sa a se pou ba jèn sa yo konesans ak kapasite teknik pou ankadre 500 bènefisyè poul yo. 5oo benefisyè sa yo ( 3oo fanm 200 gason) ki gen pou resevwa 14 poul ak 2 kòk nan kad yon pwojè ITECA ap egzekite ak CGF. Objejktif pwojè sa a se pou ranfòse kapasite pwodiksyon vyann nan zòn nan epi anmèmtan pou amelyore fason peyizan yo abitye fè elvaj nan kominote a. Nan pwojè a benefisyè yo gen pou resevwa yon fòmasyon sou jesyon ti antrepriz yon fason pou jèn sa yo ka jere pwodiksyon ak vant ze yo pi byen. Jèn sa yo gen pou jwenn ak poul yo materyo ki nesesè tankou tòl , twil ak klou pou konstwi kalòj pou gade poul yo, jèn yo pou bay bwa ak fòs kouraj yo.Pwojè sa a ap gen pou tabli nan plis pase 4o lokalite nan Ti Boukan.Pwojè fèt tou nan kad pou entegre jèn yo plis nan kominote yo sitou apre gwo tranbleman tè 12 janvye a kote te gem anpil jèn ki oblije kite kapital la pou retounen lakay yo .