30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

lundi 21 juin 2010

ITECA ak konkou FLM distribiye plan yanm bay plis pase 700 fanm nan Ti Boukan









Pandan mwa Me 2010 lan ITECA ak konkou FLM(Federation lutherienne mondiale ) distribye 17 oo kg plan yanm bay 71o fanm nan19 lokalite nan Ti Boukan. Distribisyon sa a te fè an kolaborasyon ak reprezantan regwoupamn òganizasyon fanm nan Ti Boukan. Delege chak òganizasyon te pran responsabilite pou fè distribisyon nan zòn kote òganizasyon yon kouvri. Gen 4 òganizasyon fanm ki te patisipe nan òganize distribisyon plan yanm, distibisyon sa a te fèt nan Sant ITECA a. Gen 4 òganizasyon fanm ki te patisipe nan ditribisyon an OFTB,UFID,AFKG,OFAMG òganizasyon sa yo se manm regwoupman fanm Ti boukan.Regwoupman òganizasyon fanm an te patisipe nan yon famasyon avan etap ditribisyon plan yo , apre plan yanm fin distribiye gen delege òganizasyon yo kite pran fòmasyon nan Sant ITECA pou trete plan yanm yo. Tretman sa a fèt pou ka pwoteje plan yanm yo kont mawoka ak lòt maladi ki konn atake yanm yo .

Ekip ITECA òganize yon seyans tretman yanm pou benefisyè yo nan Digo yon lokalite Ti Boukan








Jou ki 22 Me 2010 lan ekip teknik ITECA te òganize yon seyans tretman pou yanm benefisyè nan Digo.Nan seyans fòmasyon sa a te gen 60 benefisyè ki vin trete yanm yo. ITECA te pote yon pwodui ki rele vidat pou trete yanm yo , se 4 delege ITECA te chwazi nan fòmasyon an ki fè tretman pou yanm yo. ITECA te fè tretman yanm sa a se pou pwote je yanm yo pou mawoka pa atake yo.Fòmatè sa yo gen pou òganize yon sesyans tretman pou yanm nan chak lokalite.Nap fè nou sonje pwojè yanm sa a te reyalize ak bourad FLM ( Federation lutherienne mondiale). Nan pwojè sa a gen plis pase 600 fanm ki te benefisye plan yanm.

dimanche 20 juin 2010

Plizyè delege regwoupman òganizasyon fanm peyizan Ti boukan patisipe nan yon fòmasyon sou tretman yanm





Nan dat 6 ak 7 me plizyè delege regwoupman òganizasyon fanm peyizan Ti Boukan patisipe nan yon fòmasyon nan Sant ITECA Ti Boukan sou tretman yanm. Aktivite sa a te posib gras ak konkou FLM ( Fédérasyon Lutherienne Mondiale).Fòmasyon sa te fèt nan objekif pou montre delege yo ki jan pou trete yanm avan yo plante pou pwoteje yo kont mawoka ak lòt maladi.Delege ki te vin pran fòmasyon an ki pou ya l ede lòt manm òganizasyon fanm peyizan ak fanm peyizan ki pa nan òganizasyon ki pi bon fanm fason pou plante yanm yo.Apre seyans fòmasyon an ekip fòmasyon ITECA a te chwazi 4 nan delege yo pou fè swivi sou pwogram yanm nan. 4 delege sa yo gen pou misyon pou : trete yanm pou benefisyè yo ,fè swivi pou jaden benefisyè yo jouk nan nan fen rekòt la.Ekip delege sa yo ki pou fè swivi sou tout jaden mayi ak pwa peyizan te resevwa semans.

Distribisyon semans nan Sant Ti Boukan Gresye ak konkou CCFD ak FLM









Soti 16 Avril pou rive 16 Me 2010 ITECA ak konkou CCFD ( Comité contre la faim et pour le développement) plis FLM ( Fédération lutherienne mondiale) distribiye 1628 mamite pwa congo ak pwa souch, 2121 manite pwa nwa, 51 manite pwa blan, 2684 manite mayi bay 1360 peyizan nan 28 lokalite nan seksyon Ti Boukan komin Gresye. Se òganizasyon peyizan yo ki te òganize distribisyon an, chak òganizasyon te responsab pou fè distribisyon nan zòn kote òganizasyon yo kouvri.Obektif pwojè distribisyon semans sa a se pou ede peyizan Ti Boukan gen plis jaden, epi pou bay peyizan yo bonjan apui teknik pou jaden bay plis randman. ITECA espere apre pwojè a peyizan ap gen plis semans epi yap jwenn plis konesans teknik. Peyizan yo ap gen plis gen plis manje tou epi yap fè plis lajan.Alafen peyizan yo ap wè nesesite pou mete kanpe yon bank semans epi kòmanse reflechi sou posibilite pou mete sou pye yon koperativ pwodiksyon ak konsomasyon.




























mercredi 9 juin 2010

Iteca rekolte yon premye rekòt myèl









Nan mwa Me ki sòt pase a ekip teknik ITECA te fè yon premye rekòt myèl nan fèm Ti Boukan Gresye.Ekip ITECA a te kòmanse ak 3 rich nan lane 20o8 lan, jounen jodia genyen plis pase yon dizèn rich nan fèm nan. Nan premye rekòt nou fè a nou te rekòlte yon galon edmi , preske tout rekòt la te vann menm lè a.Ekip ITECA te pran inisyativ sa nan objektif pou ankouraje biyodivèsite ak polinizasyon plant ki nan zòn nan. Yon nan lòt objektif inisyativ sa a se pou pataje eksperyans sa a ak òganizasyon peyizan yo nan pèspektiv pou yo fè pwodiksyon siwo myèl yon fason ki pi modèn pou yo ka jwenn plis randman.ITECA gen pwojè pou devlope aktivite pwodiksyon myèl la nan lòt zòn lap akonpaye òganizasyon peyizan yo. Nan sans sa a ekip teknikITECA a prevwa al fè fòmasyon sou elvaj myèl ak regwoupman òganizasyon Gwomòn yo .